MessageGoman
<A href="http://chat.sakapfet.com/default.asp?action=5&peek=1037">
http://chat.sakapfet.com/userimg.asp?file=1037
Subject:Lespri desalinyenTè Sendomeng dwe pou esklav ak pitit pitit li yo, paske yo aroze l ak san yo.
Lè fos kouch milat yo fè dappiyanp sou tout tè yo, apre viktwa endepandans la, Dessalines di e pòv esklav ki sot goumen la yo, ke manman yo ak papa yo jiskan Afrik yo pap jwenn anyen. Dessaline siyen kondanasyon amò li.
Viv lib oubyen mouri. M ap fout sote nou tout si franse yo rantre nan fò wa, nan la crète-à-Pierrot. Dapre resi istwa nou wa, ou gen lenpresyon nèg vanyan sa, te gen yon santiman profon ki atache ak tè sa.
Lespri desalinyen yan se sa, nou fèt pou rete mèt tè sa ke zansèt nou te goumen pou li, nou dwe rete lib e endepandan sou li. Sèl moun ki pou dirije l, se vrè pitit peyi ya, ki pa janm renonse a nasyonalite peyi sa.
Malgre nou pase anpil konstitisyon, pati sa yo pa janm mouri nan ankenn nan yo. Se eritaj papa peyi ya, Jean Jacques Dessalines. Se yon prensip sakre.
Se lespri sa nou vle touye ak tout rasyonalizasyon nou yo sou dyaspora ki dwe patisipe nan politik peyi ya. Ou gen dwa patisipe nan yon nivo oubyen yon lòt. Men nou pa kapab vyole lespri konstitisyon nou wa ak ideyal desalinyen. Pou w arive chèf peyi sa, fò w te ayisyen pou tout vi w, san manke yon pwèlyèm
Fò w te konnen sa, lè w tale pledge allegiance to the USA, yon bagay ki fè tout san m bouyi an vrè desalinyen.
No one force you to do it, you did it, live with it
Ayisyen otantik, majorite nasyonal
Goman
Posted: 28 Sep 2005 05:50 PMMOUVMAN 5R bat bravo pou Goman.Sa ce you kout plim Bwaron Toner.