Apre anpil eksperyans nanchon an fè nan mete konfyans li nan moun ki pa gen anyen arevwa ak eksperyans pa li, antan k pitit Lafrik Ginen ki te goumen kase chenn lesklavaj anba grif kolon ewopeyen sou kontinan Lamerik lan; li lè li tan pou nou tout Ayisyen reyalize se nan noumenm tout solisyon pwoblèm peyi nou chita.
Sa pa vle di nou pa sètoblije demele l nou pou nou woule anba lenmi istorik nou yo, ki pap janm rete konsa yo disparèt. Men sa vle di, Ayisyen ki konprann pou kisa Tonton Nwèl pa sanble ak yo, ni pa pale Kreyòl, dwe sispann espere jwenn sekou nan men Tonton Nwèl, nan moman malè ap vizite kay li.
Nou se yon pèp ki konn fè rezistans ! Nou se yon pèp ki gen fyèl. Nou se yon pèp ki ka fè mèvèy lè nou mete fòs kouray nou ansanm, lè youn fè lòt konfyans. Lè nou pran tan voye je gade egzanp zansèt nou yo kite pou nou sou chimen listwa n.
Lè sa a, lè nou rekonèt kijan tout bon vre, se depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg. Se lè sa a tou nou retire nanm nou nan boutèy, nou rekonèt ki moun nou ye. Nou rekonèt manman nou ak papa nou. Nou rekonèt sous pouvwa nou, ki chita nan linite yon sèl kòd fanmi.
Mèsi Papa Dessalines !