Quote:
|
La peur d'aimer
Millionnaire par erreur
I love you Anne
Wind of desire
protege Moi
Barikad
VIP
A Fleur de peau |
Padon wi men twaka nan film sa yo pa kanpe sou anyen.
''La peur d'aimer'' pi bon films ayisyen. Millionnaire par erreur pa mal. A fleur de peau plizoumwen.
Apa sa rès yo se move blag:
I Love you Anne:
Yo pran Don Kato yo fè l tounen kokorat nan I love you Anne, Bicha ap fè Makak sèlman, e TiDjo pa bon nan wòl li ya. Li pa sanble ditou ak yon òm dafè, li plis sanble ak ti jènjan ki ap boule kòb paran l. San konte yon katastwòf erè.
Anne pral aje yon cd Brother's Passe li pa konn Kato ala mechan.
Tidjo ap travay nan yon ajans voyaj anlè ya make Groupe Dynamique Financier.
Don Kato nan prizon yon staff lòt prizonye ap fè makak lè Don kato kanpe yo kanpe lè li chita yo Chita.
Wind of Desire se yon lòt blag
Patnè ya( m bliye non l) gen yon lisans en enfòmatik li ap fè depanaj òdinatè.
Fi ki fè aksidan an rantre nan yon chanm lopital yon nimero apre sa chak lè yon moun vin wè li nimewo a chanje.
Patnè l la al mande li rekonsilyasyon nan yon solèy katrè aprè midi li fini blòk nan fè nwa de fraz li t ap di.
Protège Moi
Pa mal sof ke, m paka konpran kouman Frédéric Surpris presante m yon staff nèg ki swadizan nan fakilte, epi ki sa yo ap etidye: fòmil chalè degajé QA = QC. Sa se ranse ak figi moun.
VIP
Pito yo te kite l sou fòm radyo fonik, pa gen evolisyon ant emisyon radyo a ak film nan.
Barikad
Bla nou bouke ak ti istwa bòn ak pitit madan mèt kay sa yo manke imajinasyon.
Ma femme et le Voisin
Pito Reginald Poulard te kriye yo ta mande la sa li genyen. Misye pran yon bann vye blag ke tout moun konnen ki pa kanpe sou anyen, li fè yon film avè yo. Sa se manke dega. Sa ki pirèd la yo derefize depanse yon nèg ap vin desann pantanlon w nan televisyon epi se yon ti slip blan 3 pou 25 goud ou gen sou ou.