Marc-Henri ekri «quand Collin Power dit que les
standars pour recevoir de l'aide dans le cas d'Haiti doivent être très elevés,ils ne parlent pas seulement pour lavalas mais l'ensemble des haitiens.»
Frè mwen se yon erè grav si ou kwè sa ou ekri la a tout bon vre. Sa ki enterese Colin Powell se pa èske Ayisyen pral byen jere lajan li prete yo. Bagay konsa pa menm manke pase nan tèt blan nwa a. Sa ki enterese Powell ak chèf li yo sèke lajan sa a itilize nan sans enterè blan Ameriken - mèt ke li ! Se pou tèt sa, nan menm semenn misye fè deklarasyon li yo, Kplim ak lòt ti sousou parèy li te envite «espesyal» nan ti dejene kolon yo te òganize Wachingtonn. Yo rele sa «vin fwote pou yon ti kadè».
Kidonk, se ak kè kontan kolon yo ta vide lajan sou mesyedam lopozisyon yo si te gen yon mwayen pou yo touye Aristide san pa gen yon gwo lòbèy ki pete nan peyi a kote menm enterè Ameriken ta rive menase. De toutfason, lajan sa yo se ti monnen pou yo. Kounye a, bidjè militè Etazini pi gwo pase bidjè 5 lòt peyi ki depanse plis lajan nan koze militè. Alòs ou kwè se de twa ti milyon pasi pala pou finanse ti tyoul sipòtan ki ta deranje Tonton Sam.
Noumenm nèg, li lè pou nou aprann defann enterè nou epi sispann kwè nan ni bon Tonton Sam, ni bon Tonton Nwèl. Lè kolon yo deside voye lajan nan peyi Ewòp de Lès, yo fè sa san gad dèyè. Yo mete anpil lajan deyò, yo bati enfrastrikti... men noumenm nèg nou panse se vre «nou tout se frè» pa gen kesyon koulè...«we are the world» BS!
Dayè lajan IDB (Bank Entèameriken pou Devlopman) an se pa lajan kado blan Meriken ap bay Ayiti li ye. Legalman palan yo pa gen okenn dwa bloke lajan sa a. Konsèy Administrasyon (Board of Directors) IDB deja apwouve prè sa a e Ayiti deja ap peye enterè sou li. Sa vle di se yon zak ilegal pou Etazini pase pa dèyè epi fè yo bloke lajan sa a. Sa ki pèmèt li fè sa sèke tout peyi kolon yo fonksyone an gang mafya pou defann enterè rasyal yo.
Sa ki fè blan yo kapab frekan konsa, se paske gouvènman Ayisyen an ap tete lang ak yo epi li derefize pran aksyon legal kont yo epi kanpe devan vòlè yo menm jan Robert Mugabe kanpe pou li twoke kòn li ak yo jan l kapab. E onivo legal JB Aristide nan pi bon pozisyon pase Mugabe. Men, se menm bagay la. Kolon yo mete ansanm pou yo defann enterè rasyal yo. Epi kòm yo te envesti pou sa (Frères de l'instruction Chrétienne, USIS, USAID etc...) yo jwenn anpil ti nèg san kolòn vètebral ki pre pou yo trayi ras yo nan avantaj kolon yo.
Oui Colin Powell serait heureux de déboursser si c'était le Général Prosper Avril, l'homme de la CIA, ami intime de KPlim dont il connait toutes le côtes.... qui était au pouvoir en Haiti.


Mais, la solution ce n'est pas d'attendre que les néo-colons changent de coeur à légard d'Haiti ou de tout autre peuple noir qu'ils ont appauvris (ils ne le feront jamais de part eux-mêmes!!!). Tous les Colin Powell et Kofi Annan de ce monde sont là pour nous le prouver. L'utilisation des vendus pour controller les masses opprimées demeure l'option privilégiée par la Suprématie Blanche Internationale (souvent dénommée Communauté Internationale). Ce qu'il nous faut c'est une révolte générale des masses au niveau de la planête. i.e. Une décision ferme des peuples qui furent appauvris par les esclavagistes que: 1) ils ne payent plus de dettes inversées, 2) Ils exigent reparation pour les crimes commis contre leurs peuples de 1444 à nos jours (kidnappings, génocides, mis en esclavage, meurtres, tortures, dépopulation, sabotages, persécutions), et qu'en attendant le payment des réparations dues, ils boykottent tous les organismes dominés par les esclavagistes de manière anti-démocratique: ONU, OEA,FMI, Banque Mondiale, Comité Olympique International, FIFA etc...


À Montgomery en Alabama, certains noirs perdaient leur temps à pleurnicher pour demander aux racistes de les laisser s'asseoir avec eux en avant de l'autobus. Mais, un jour une femme digne de sa peau d'ébène a refuser de céder sa place aux colons et ce fut le boycott des autobus...la force du nombre, le pouvoir économique de la collectivité s'est mobilisé car les noirs se sont finalement réveillés et vous connaissez le reste de l'histoire.
Tant et aussi longtemps que nous acceptons de jouer le nègre passif et docile avec ces colons, nous n'obtiendrons aucun résultat - à part une douzaine de Colin Powell, Condeleza Rice et Kofi Annan pour servir de trompe- l'oeil ici et là. Si vous voulez ils vous donneront même un saint Noir (Pierre Toussaint) pour représenter tous les imbéciles qui sacrifient leur propres intérêts pour servir le «maître».
Leve Kanpe !
«Up mighty people and accomplish what you will»
Marcus Mosiah Garvey