Mwenmenm,
Mwen apresye konpliman ou fè mwen yo. Mwen ap tann pou mwen rankontre ak zo grann mwen. Men an atandan kite mwen di ou ke si mwen pa pale sou fowòm nan mwen kontinye ap pale lòt kote pou yon pi bon demen pou Ayiti cheri. Ni mwen ni ou youn pa konn lòt. Men pèmèt mwen di ou konsa ke apresyasyon mwen genyen pou Ayisyen ale pi lwen ke imajinasyon ou.


Si mwen wete chapo ba devan Reno Bènaden, se paske mwen te konn valè li. Ale wè ou menm ou fenk gen dwa la pawòl e petèt ou pa gen okenn eksperyans nan reflechi sou pi bon demen pou peyi ak pote kole pou chanje lavi ak move sitiyasyon anpil frè ak sè nou yo nan peyi a. Mwen pa vle vante tèt mwen, men mwen ka di ou ke pi fò mouun sa yo ki te pote kole, ki te travay osinon ki ap travay, nan silans ak nan òganizasyon pou mete bon estrikti soupye, mwen mete chapo ba pou yo anpil e mwen gen chans brase lide ak anpil. Reno Bènaden mouri, sa gen dwa pa fè ou anyen paske ou pa renmen li osinon ou pa konnen li. Men mwen pa ka gen menm santiman ak ou paske se yon endividi ki gen anpil kapasite pou analize eki rann anpil sèvis a sosyete a. Ou gen dwa pa konn sa paske se pa tout sa ki fèt ki oblije sou radyo pou tout zòrèy tande. E si ou konn li sa mwen ekri, ou ap remake ke mwen toujou pridan nan sa laprès di paske tout verite a pa janm deyò nan sa laprès di. Si Ayiti gen pwoblèm mou, chak sitwayen, fanm kou gason, ki gen lentèlijans ak bon preparasyon, ki ta kapab rann Ayiti yon pi bon sèvis sou tè a, e ki mouri, mwen ap mete chapo ba devan li. Menmsi mwen pa fè li sou fowòm sa a. Manigat se youn nan moun ke mwen ap mete chapo ba devan li lè li mouri, pou mwen fè referans a yon diskisyon ki te fèt deja sou Maniga.


Pou zafè Kokayin ou vle pale a. Mwen ap kontinye repete ke Ayiti pa pwoduy dwòg, Ayiti pa konsome dwòg. Ayiti pa gen lajan ak mwayen pou pwopaje dwòg. Sa vle di pa gen yon òganizasyon solid ki fèt pou fè dil dwòg nan peyi a. Se kèk grenn moun, ke tout moun ki di yo vle konbat dwòg e ki pran mwayen pou sa kapab idantifye fasil epi mete lamen sou yo. Gwo peyi ki di yo ap ede Ayiti konbat dwòg pa kapab konbat dwòg nan peyi pa yo. Yo gen plis mwayen ke nou, sosyete yo ap gen plis pwoblèm konsomasyon dwòg ke nou, etc. Kidonk mwen ap toujou rete sou lide ke si pou yo konbat dwòg tout bon se pa sou Ayiti pou yo vin pran daso. Se pou yo ale kote dwpog la soti a, ak kote dwòg la ale a. Ayiti se yon zile. Pou dwòg rantre nan peyi se yon lòt kote pou li soti e tout lòt peyi nan zòn nan gen plis mwayen pou detekte dwòg pase nou dekwa pou yo pa voye dwòg ban nou. Mwen pa vle wè pwoblèm nan tankou yon bagay senp, men mwen wè twòp moun yo mete nan prizon sou fontyè ak La Dominikani sou pretèks yo gen dwòg. Mwen wè twòp move aksyon fèt e ki twouble lapè popilasyon an paske yo di y'ap chache dwòg. Mwen wè twòp inosan viktim sou pretèks dwòg. E si laboratwa a reyisi fè nwa ap touye nwa nan batay pou dwòg nan kèk peyi nan amerik la, mwen pap janm sispann rele anmwe pou yo wete ayiti nan plan yo genyen an pou fè yooun mache touye lòt tou poutèt dwòg. Depi gen dwòg gen mawon, gen lekzil, gen lanmò, gen rayisans, gen vyolans, e nan tout sa yo, se Ayiti k'ap pèdi.


Pozisyon mwen sou Lavalas toujou rete klè. Aristid la pou 5 lane, li dwe fini 5 lane li yo. Pa gen pyès moun ki te ka genyen Aristid nan eleksyon nan peyi a. Jiska prezan, se sèl ti Rene Preval ki pi popilè ke Aristid nan peyi a si gen eleksyon ki pou fèt ki ka ba li pwoblèm. Epi tout moun ki pa vle wè Aristid yo ap vin pi rich de jou an jou san yo pa travay epi sitiyasyon mas la ap dejenere chak jou pi plis. Kidonk rete kont Aristid la se yon aktivite ki rapòte. Mwen menm mwen pap janm kanpe nan yon lojik konsa. Apre sa mwen te toujou di si kriz ayiti a rezoud, OEA pap gen anyen pou lifè nan kontinan an. Kidonk yo ap fè tout sa yo kapab pou kenbe nou nan kriz la paske yo gen yon ptwon ki ap pase yo lòd pou sa. Mwen menm te konpare diskriminasyon ki te genyen nan jesyon kriz Ayiti a ak nan jesyon kriz Miami an. OEA te toujou la. Mwen te pale tou sou tretman Ajantin ak Ayiti nan move desizyon pèp al pran pou yo vote moun ke Entènasyonal la pa renmen.


MWENMENM, mwen pa konn si ou ap swiv devlòpman politik atravè le monn. Sitiyasyon ki an Ayiti a pa diferan non de sa yo ap fè nan Kot Divwa. Li pa diferan non de sa yo pare pou yo al fè Brezil si LULA reyisi, e li ap reyisi. Li nan laprès epi gade ki lide ki kòmanse simaye sou do li. Kidonk mwen toujou di e mwen ap toujou repete li nou dwe sispann rantre nan jwèt malfèktè yo ap fè pou fè nou rayi moun ki majorite yo chwazi paske li pa vle mache nan liy yo vle li mache. Si nou kontinye goumen konsa kont Lidè nou majorite chwazi epi n'ap pale de demokrasi, n'ap rante nan demagoji malfèktè anpil move etranje vle foure peyi a pou ka fè lajan sou do li.


Konbyen ONG ki gen Ayiti? Konbyen èd ki pase pa yo pou rive pou peyi a? Ki kondisyon ki toujou pase lè yo voye èd bay peyi a? Poudi ou sonje ke gouvènman an pat gen kontwol ekonomik Konsèy Elektoral Pwovixwa a? Poukisa tout sa ki pou fèt nan peyi a dwe pase pa yon rezolisyon ke OEA osinon kèk anbasadè di? Poukisa tout moun foure ke yo anba vant yo depi se blan an ki di yon bagay? Poukisa tout moun nan laprès ak nan lopozisyon an pa janm pran anyen ki pozitif ke popilasyon an ap fè pou ede kòz yo avanse? Kisa ki pase ak batay peyizan Wanament yo sou pwoblèm zòn franch nan zòn nan? Kisa ki pase sou pwoblèm diskriminasyon pakèt Ayisyen ki nan prizon nan Miyami yo? Kilès ki pale pou yo?


Mwen pap entimide moun, mwen fè yo pwomès paske mwen wè moun ki te pi cho pase yo rete an pè. Mwen mande yo sèlman pou yo fè atansyon pou yo pa pile yopn bagay ki pi mou pase krache. Twòp moun pran pretèks rayi Aristid yo pou yo fè lajan. E si ou vle gen yon viza jounen jodi a nan anpil Anbasad, al di ke gouvènman ap pèsekite ou. Epi san ou pa rann ou kont, se tout moun ki konn li ak ekri, se tout pwofesyonèl, se moun ki gen konpetans ke sosyete yo a ap souse. Epi lè yo rive nan peyi etranje sa yo, se chen ki ap tranpe kasav pou yo, epi diskriminasyon fè kenken.
Mwen pa konnen ou e mwen pa konn sa ou regle ni ki kote ou ap viv. Men mwen vle di ou konsa mwen se yon bwa piwo e mwen se yon grenn pwomennen. Mwen wè anpil, mwen tande anpil e mwen gen yon kè ki ap fonn pou Ayiti. Mwen envesti anpil pati nan jenès mwen pou peyi sa a e mwen fenk kòmanse. Mete moun sou ou, ann konstwi Ayiti. Si ou vle joure, ou mèt joure. Mwen konn mo sal yo tou e mwen konn itilize yo.
Men mwen ap envite ou, si ou vle, pou nou brase lide sou sa ki ka pi bon pou demen peyi a. Aristid prale men peyi a ap rete. Konvèjans prale men peyi a ap rete. Si Jera Goug ki te konn koupe rache pral ale talè se pa moun sa yo ki pap ale. Men jou va jou vyen, Ayiti gn pou li vin miyò. Mwen swete sa, mwen kwè nan sa e mwen ap travay pou sa. Mwen pa manm okenn pati politik ni mwen pa kandida. Tout sa mwen fè deja nan peyi sa a, mwen pat janm fè yo ni ak mwayen pati politik ni kòm kandida. E mwen ap kontinye reve Ayiti je klè kou nan dòmi.
Salutations patriotiques,
Granzepon