

11-06-02, 08:54 PM
|
|
|
OEA pa respekte Ayiti ak tout intitution li yo
Vodou réprésanté pi gwo aspè kiltirel é espirityiél pèp ayisyen, ou pa bezwen kwè lan vodou pou respekté aspè kiltirel li. Apwè 200 lané indépandans, li lè pou nou pa kité étranjé ap defini nou. Mwen pensé ké sé yon lot kalot Ayiti pwan lan men OEA lè yo swasi 9 gwoup ki pou patisipé lan formation nouvo CEP-a é yo pa men konsidéré gwoup vodou yo: lè ké an Ayiti gin plis moun ki pwatiké vodou ké Episcopalyen é pwotestan. Koté moun vodou yo, sa yo di nan sa?
Mwen pa vodouyisan, men mwen pensé ké sé pa plas OEA pou-l défini ki rélijion ki léjitime an Ayiti.
|
|

11-07-02, 01:24 PM
|
|
|
Mawon,
Ou gen rezon lè ou di se yon kalòt Ayiti pran. Men, fòk ou korije yon aspè nan sa ou di la a. Se pa OEA ki bannou kalòt sa a. Se ak pwòp men dwat nou nou fout tèt nou kalòt sa a.
Si ou gade byen, depi nan konstitisyon 1987 la, nou mete yon fòmil pou Konsèy Elektoral Pwovizwa ki chita apeprè sou menm lojik "kolonize" ke pwpopozisyon KEP aktyèl la chita a. Tout lòt kalite relijyon pèpè gen reprezantan yo - men Vodou natif natal la pa ladan l.
Pèsonèlman, mwen pa t ap janm mete okenn gwoup relijyon nan fòmasyon yon KEP ni relijyon pèpè, ni Vodou - men si relijyon pèpè yo gen reprezantan fòk Vodou ta genyen tou.
Nan tout peyi k ap bannou konsèy kijan pou nou fòme KEP lakay nou yo, ou va remake ke lakay pa yo, yo pran prekosyon separe relijyon ak politik. Men, nan peyi pa nou, sa pa nan enterè yo pou yo preche sa yo pratike lakay pa yo. Poukisa?
Mande tèt ou ki lès ki bòs Legliz Katolik?, Kilès ki bòs Legliz Episkopal?, Ki lès ki bòs legliz Batis ? Ki lès ki bòs Pwotestan Refòme yo ? ( Chak sèk pèpè sa yo branche aleksteryè.... kay kilès?).
Kidonk, tout jan ou pyeje tande Mawon.
Alòs, li lè li tan pou nou ranmase karaktè nou epi pou nou aji an granmoun.
Konbyen ane n ap pase ap fòme Konsèy Elektoral Pwovizwa?
Ki lè Konsèy Elektoral sa a ap resi PÈMANAN?
Ou wè Mawon, yon gwo pati nan anprizonman nou, se noumenm ankò ki lakòz li.
Libète PRAN POU NOU PRAN L!
__________________
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com
|
|

11-07-02, 09:02 PM
|
|
|
|
Mwen dako ak wou, relijyon pa mele ak politik. Lemoman ke yo mete yon religion lan politik, sa vle di ke se relijyon sa ke yo rekonet. Lan istwa pep sa yo, ki swa disan ta zanmi Ayiti, yo tout deparyé rélijyon ak politik, majorité gwoup protestan yo te formé paské pèp péyi sa yo pa té vlé pap-la injéré lan zafè péyi-yo. Alos, poukisa yo-ap mélé tout latriyé rélijyon pépé sa-yo lan politik peyi-a. Nou ba-y twop piyay. Ki lè Ayiti ap ginyin dirijan ak politisyen ki ka défenn intérè li. e pi ki le KEP sa ap vinn pemanen vre.
|
|

11-08-02, 02:08 PM
|
 |
Myotonic Dystrophy
|
|
|
|
Jaf ak Mawon ,
mesye se yonn nan pi gwo problem kkkok genyen ak nou . Nap rele moun aveg , si nou pa we lot moun ika senou ki aveg la.
OEA PA RESPEKTE AYITI AK TOUT ENSTITISYON KI LADAN !
SE VRE ! KI SA NOU TE MERITE AN PLIS! FOK NOU ONET ! NOU BLIYE TI FRAZ FRANSE SI LA " QUI VEUT SON RESPECT .......
SE PA JODIA KAKAKOK AP DI NOU NOU ANAFE AK YON BANN KOMEDYEN , MALPWOP, APATRID PAR FANATIK NOU PA JANM DAKO. JODIA NAP RELE ANMWE KOM SI JOUMOU KONN DONNEN KALBAS.
LO GENGEN YON CHANB KOUTIZAN,YON PWEZIDAN KONTESTE KAP PEYI ANPIL LAJAN SEL POU FE ESKAL NOUYOK NOU KA KONPRANN A KLE NOU PAKA GENYEN RESPE. LO GNYEN YON KOU SEPERYE DES CONT KI PAKA MANDE GWO CHABRAK LAVALAS CONT KOMAN WAP MANDE LOT MOUN OU GENYEN RESPE POU WOU? NOU FE PWOP LWA NOU NOU FOUT REFIZE RESPECTE YO SE TOUJOU BLAN KAP RAPLE NOU POU NOU RESPEKTE PWOP KONSTITISYON NOU.
AVAN NOU ATAKE LOEA KI TA BYEN MERITE SA. FOK NOU METE LOD LAKAY NOU. PREZIDAN SENA NOU AN TE OBLIJE TANN OEA AVAN LI REKONE LI PAT GENYEN DWA APLODI ZAK BRGANDAJ 17 DEC YO !
MESYE KAKAKOK TOUJOU DINOU BYEN AK MAL SE PWENSIP INIVESEL KONDANE YO NENPOT KOTE YO SOTI A. TOUTAN NOU PAKA RIVE NAN OTE SILA NOU PA FOUT GENYEN PEYI, NASYONALIS AP FOUT RETE YON REV !
__________________
LES DEUX FRERES JUMAEAUX ARISTIDE ET PREVAL LA NOU NAN KK !
|
|

11-10-02, 05:23 PM
|
|
|
Jiska pwesen, mwen dako ak sa wou di yo. Sel bagay, mwen pa ka dako ke se OEA ak ameriken ki pou retire yon gwoup manfoubin, pou renplase-yo ak gwoup manfoubin pa-yo. Pep-la te fe swa pou 5 lane, kite-l viv ak swa-l. Si li fe yon ere, kite-l rete ak ere-l pou 5 lane pou li ka aprann. Se pa shak fwa ke yon gwoup pa dako ak ak desisyon pep-la, pou nou rekomanse a zero. Alos, Ki le e ki jan ke pep sa pwal aprann demokrasi-sa. Sonje, ke demokrasi se yon konsep nouvo pou pep-la, e pi bon fason pou-l aprann konsep-sa se par l'exemple. Wou pa ka rete ap di ke wou vle deboulonnen yon gouvernman lejitime, paske wou pa dako avek-li, e pi wou di se demokrasi wou vle. Tout politisyen lan swadizan oposition-an, o lye ke yo fe yon oposition kontriktif, kritike gouvenman le li fe bagay ki pa sa, sipote gouvenman le sa lan intere peyi-a, edike pep-la sou konsekans swa ke li te fe yo e montre-li yon lot alternatif pou li ka-p vote pou wou lan pwoshenn elektion, se shita y-al shita lan fouk OEA ak ameriken pou yo ka ba-yo pouvwa. Se sel pep la ki gin dwa sa. Alos, se pa lan anbasad pou yo-al mennen kanpay, se devan pep-la pou yo ale, poupale avek-l. E pi, yon lot bagay, wou ka we se pa ak pep yo janm bezwen kominike, le ke 80 pousan pep pale selmen kreyol e tout diskou se an fwanse sa ap fet. 
E pi Kakakok, se koription lan gouvernman se pa monopol ayisyen selmen.
|
|

11-10-02, 07:41 PM
|
 |
Myotonic Dystrophy
|
|
|
|
[quote] Provient du message de MAWON
[b]Jiska pwesen, mwen dako ak sa wou di yo. Sel bagay, mwen pa ka dako ke se OEA ak ameriken ki pou retire yon gwoup manfoubin, pou renplase-yo ak gwoup manfoubin pa-yo.
MWEN PA KONNEN SI SE AK KKKOK WAP " MWEN SONJE MWEN JANM FE YON DEKLARASYON KONSA !
KAKAKOK PA KWE NAN BLAN TOUT, NI NAN PAKET PEYI ZANMI AYITI YO. SEL BAGAY KKOK REFIZE BA YO SEL POTE TOUT RESPONSABILITE PEYI DAYITI.
TET PANSANT PEYI NOU AN FE PLIS KK PASE TET KK NAN PEYI A.
NEG KI AKIZE BLAN DE TOUT MALE PEYI SE PWOBLEM PA YO.
__________________
LES DEUX FRERES JUMAEAUX ARISTIDE ET PREVAL LA NOU NAN KK !
|
|

11-10-02, 10:24 PM
|
|
|
|
non, mwen pa akize kakakok te fe deklarasyon konsa, m-ap pale en jeneral. Byen sur ke nou menm ayisyen pou la koz anpil lan pwoblem nou yo. sa mwen pa dako, se rete tenn blan pou di nou sa ki pou fet. Nou te sipoze kapab entre nou aysyen solutioner anpil lan pwoblem peyi-a. Pi gwo pwoblem peyi-a kounie-a se yon pwoblem de leadership, ni sou kote pouvwa, ni sou kote oposisyon-an. wi, nou sipoze gade tet nou, mande tet nou kessyon "komman nou arive lan sitiasyon sa e komman nou ka arive shanje sitiasyon sa". Se nou ki pou jwen solisyon-an. e jiska presen, mwen pa we oken diferans entre nou, selmen pwesentasyon.
|
|
| Thread Tools |
Search this Thread |
|
|
|
| Display Modes |
Linear Mode
|
Posting Rules | You may not post new threads You may not post replies You may not post attachments You may not edit your posts HTML code is Off Points Per Thread View: 2.00 Points Per Thread: 15.00 Points Per Reply: 5.00 |
|
|
|