 
11-12-02, 11:46 PM
|  | Registered User | | | | Par cette occasion, je profite de saluer spécialement le retour de mon bon ami Haitinow. Cher ami, je prendrai contact direct via ton Émail. Heureux d'apprendre de tes nouvelles!
A bientôt !
__________________ forumhaiti | | 
11-13-02, 01:04 AM
| | | Marc-Henri, Bon Paulo....
Pou kisa nou sezi wè se Ayisyen yo menm menm ki pa vle sèvi ak Kreyòl la?
Se pou menm rezon sikolojik sa a tou, ke gen Ayisyen ki jwenn emisyon nan men li epi li chwazi se mizik panyòl l ap jwe, osnon chasonèt fransèz elatriye...
Bagay esklavaj mantal sa a nou kwè se yon blag li ye!
Alèkile, kolon an pa bezwen mete chenn nan pye anpil nan nou, paske chenn nan tèt pi di pase chenn nan pye.
Poze tèt ou kesyon sa a: Pou ki sa chak fwa Ayisyen reyini antre yo epi gen 2 osnon 3 blan nan sal la, yo sètoblije mande blan yo si yo pale Kreyòl...kòm pou yo mande pèmisyon pale lang yo - nan yon reyinyon kominote Ayisyen?
Èske ou panse yon reyinyon kominotè Italyen ap destabilize konsa si gen 2 grenn nwa ki al chita nan mitan yo?
Se pa CRTC ki anpeche nèg yo fè emisyon an Kreyòl. Pèsonèlman mwen viv eksperyans saa nan Ottawa depi plis pase 10 zan.
__________________ Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com | | 
11-13-02, 01:55 AM
|  | Registered User | | | | Je crois que le propriétaire de la dite station doit rendre des comptes à la communauté créolophone. poki sa li pa vlé palé créol lan radio li ya? Moi je crois que c'est une sorte de censure. De plus, il avait annoncé une émission quotidienne de 23 hres à 24 hres en langue créole, on constate qu'il ne l'a pas utilisé. Qui plus est, on parle à gogo la langue payol , les latinos s'expriment dans leur langue et nous seulement en français. ki fé là,nou pa gin dwa palé créole lan yon radio yo di ki pou nou. tandis ké, latino yo ap vidé tèt kalé espagnol monté!
Ki kosé sa!
__________________ forumhaiti | | 
11-13-02, 01:59 AM
|  | Registered User | | | | | mouin vlé di tout moun ké sé gras a mon ami Jafri ké mouin commensé intérésé ékri kréol. map di mèsi anpil a zanmi sa.
__________________ forumhaiti | | 
11-13-02, 11:06 AM
| | | Marc Henri,
Mwen kontan wè ou ap fè efò sa a. Men, nou chak ki fè efò sa a, se toujou yon zanmi ki louvri je nou sou jan ekri Kreyòl se yon bagay ki enpòtan epi ki fasil. Kidonk, remèsiman ou voye pou mwen an, se pou moun ki te louvri je m nan, pou moun ki te louvri je l la, pou grandèt ki te mete òtograf la kanpe depi ane 1979 yo....elatriye. Se konsa lavi a ye, youn ede lòt nan yon domèn patikilye.  
Mwne pa vle dewoute diskisyon ki louvri osijè Komite Ayisyen nan Montreal la. Kidonk, mwen kouri fèmen parantèz sou kesyon lang lan. Mwen pakonnen reyalite Montreal la byen, se pou tèt sa mwen pa kòmante sou sa oumenm ak Loubert nou ekri yo. Sèl sa mwen ka di nou, sèke nan chak kominote nou gen yon pwoblèm kote Ayisyen pwofesyonèl yo fè 2 chwa ki pa bon ditou pou kominote a 1) Oswa yo kache kò yo nan yon katye kote ki pa gen Ayisyen - epi yo deside- yo pa pèp - yo pa pran kontak 2) Oswa yo kreye yon seri òganizasyon elit konplekse ki pa gen okenn rapò natirèl ak majorite kominote a. Se nan kontèks sa a nou tonbe jwenn yon seri emisyon radyo ki plis ofri yon platfòm pou nèg fè gwo gagann, pale franse tankou jako...men se pa anyen serye k ap diskite. Gen lòt nèg ki itilize lè kominotè a pou fè moun konnen ki kalite mizik Panyòl yo abitye koute nan salon lakay yo.... anfen yon latriye konpòtman patolojik - ti moun ki bezwen atansyon - se pa konpòtman granmoun ki ap ranpli yon devwa nan kominote kote l apviv la.  
Se poutèt sa mwen di, fòk nou pa analize pwoblèm sa yo sèlman kòmkwa se pwoblèm "yon endividi" - se yon pwoblèm sikolojik ki afekte nou tout. Gen nan nou ki konbat li, gen nan nou ki alèz jan nou ye a epi se rezilta sa a n ap viv toupatou - kit se nan Peyi nou, kit se nan dyaspora a. Nèg ap gonfle kòlèt yo pou fè chèlbè olye yo travay pou chanje reyalite kolektivite a ap viv...
Respè,
__________________ Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com | | 
11-14-02, 02:09 AM
|  | Registered User | | | | mèsi anpil Jafri,
Par ailleurs,j'attends toujours une petite réponse de mon ami Loubert. Qu'est-ce qu'il pense de tout cela!
Si vous connaissez notre ami proptiétaire de radio-union dites-lui tan pri souplé ba nou un peu plis créol lan radio li ya.
Jafri, le conseil des haitiens est une décision prise par l'actuel propriétaire de la radio cpam et ses amis en vue de donner à la communauté une voix unique pour la représenter au sein de la société Québeçoise et canadienne. Ce processus declenché il y a deux ans n'a rien rapporté de concret. Parce que les leaders de la communauté ne sont pas entendus la-dessus. Ils sont divisés!
On se demande maintenant, qui a le droit de parler au nom de la communauté haitienne de Montréal, Le conseil des Haitiens ou conaco ou toutes les organisations. Qui va reclamer des subventions pour les associations haitiennes? Avant, il suffit de préparer un bon plan d'action et on debloque les fonds mais aujourd'hui, il y a confusion et les haitiens sont en train de perdre leur crédibilité devant les instances gouvernementales Quebeçoises et canadienne.
Et moi dans tout ce charabia, j,ai decidé d'en parler sur le net, en espérant que le maitre qui me lit chaque jour et à tous les jours s'ouvrent davantage aux autres leaders pour permettre à la communauté non seulement d'ëtre visible mais crédible.
Voilà en gros le résumé de la situation des haitiens dans cette communauté. soit dit en passant qu'ils ne me representent pas parce que je suis à 1;30 de la métropole.
__________________ forumhaiti | | 
11-14-02, 01:19 PM
| | | Marc-Henri,
Kòm ou koumanse pale nou de reyalite kominote an ap viv nan Montreal, pa pito nou rapousuiv sou menm boulin sa a...
Mwen konnen egzistans CONACO paske Féder Hyppolite se frè yon bon zanmi mwen, Kaptenn Koukouwouj (Michel-Ange) ki se youn nan premye pwofesè Kreyòl mwen tou.
Men, m ap mande tèt mwen ki wòl CONACO, Ki wòl Conseil de Haitiens de Montréal la .... ap jwe nan dosye "Depòte" yo, dosye jenn gason k ap plede al gonfle prizon Bordeaux, lè yo pran nan nas Hells Angels ak Rock Machin ki sèvi ak yo pou distribye dwòg pou grannèg nan Montreal?
Ki wòl òganizasyon sa yo ap jwe nan ede granmoun Ayisyen jwenn aktivite ki pou ede yo pase rès jou yo nan lapè ak kè kontan....nan ede Ayisyen jwenn kay, jwenn travay...elatriye.
Mwen poze kesyon sa yo paske mwen pa okouran. Mwen tande site non kèk òganizasyon detanzantan, men mwen pa konnen egzakteman kisa y ap fè konkrètman nan kominote a.
E si yo pa aktif nan domèn mwen sot site la yo, mwen pa wè kijan pou yo ka gen okenn kredibilite osnon sipò nan menm kikeseswa. Paske depi yon moun debake Montreal ou rann ou kont pwoblèm sa yo se priyorite enkontestab yo ye pou nou.
Se pa yon kesyon ki lès ki alatèt tèl osnon tèl òganizasyon. Èske se yon Mèt ki pa fleksib, ki elitis ki kwètmakwèt. Anvan nou rive la, fòk nou mande tèt nou 1) Ki bezwen ki genyen nan kominote a 2) Èske gen òganizasyon ki chwazi atake pwoblèm yo 3) Èske metòd yo ap itilize yo efikas 4) Èske òganizasyon yo gen eskanp ki apwopriye pou atake pwoblèm yo 5) Èske moun ki alatèt òganizasyon sa yo gen karakteristik ki apwopriye pou yo dirije òganizasyon sa yo....
Mwen mete idante lidè kominotè yo an dènye paske mwen kwè si gen bon òganizasyon ki ap atake pwoblèm ki priyoritè tout bon vre. Kanmenm kominote a ap jwenn mwayen al chèche moun ki alawotè ki pou dirije òganizasyon sa yo. Men, preme bagay la se analiz, diskisyon, aksyon pou asire nou gen bon òganizasyon ki kanpe.
m ale...
__________________ Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com | | 
11-15-02, 12:44 AM
|  | Registered User | | | | mouin kontan ké ou soulévé kestion sa yo. gin yo moun ki te invité mouin lan investitu conseil des haitiens de montréal, mouin pa te allé. kan mème mouin té tandé yo lan radio en direk.
Mon ami, ce que j'ai entendu c'etait un beau show. Sé kom sidiré nou té à l'assemblée Nationale du Quebec. Des beaux discours en francais sVP et aucun mot lan langue nou an.
Comme vous avez dit; ces organisations devraient mettre en place des activités pour nos personnes agées. Il faut des actions et on est encore loin, très loin
male map retounen sou question sa demain, il est tard!
__________________ forumhaiti | | 
11-20-02, 02:49 PM
| | | | Marc_henry saw guenyin ou radote konsa poukisa ou pa fe yo radio tou.neg la fe radiol li pa vle pale kreyol poul ka jwen lot kominote ki ka konpran ou la wap ranse tout tan.nou minm ayisien nou pa janm fe anyen min kan yon lot ap fe yon bagay nou toujou we li pa bon.si met la fe yon radio ou minm al fe yon televizion. | | 
11-21-02, 01:58 AM
|  | Registered User | | | | Des fausses notes el pianiste,  
Savez-vous accorder votre piano? Il faut faire la différence entre la critique et jouer de la musique. J'ai le droit de critiquer la programmation de la radio. J'ai le droit de dire que le proprio aurait du équilibrer ses émissions radiophonique en langue créole. J'ai le droit de tout dire parce que la radio est avant tout une affaire publique. L'animateur informe et les auditeurs proposent et critiquent les faits et gestes des acteurs. La question ce n'est pas d'avoir une radio mais c'est de bien la vendre au public. La radio ne m'interesse pas, c,est le contenu qui m'interesse. Je prévois que si le proprio ne modifie pas sa programmation,les haitiens ne vont plus ecouter cette station. D'ailleurs, J'en connais beaucoup qui ne l'écoutent plus. En critiquant sa station de radio, je l'invite à écouter lui-même ses émissions qui sont plus plates que divertissantes. Il doit être plus professionnel que cela. C'est une radio platte. Il faut revoir tout le contenu. A part la programmation du dimanche de 6hres à 13 hres , le reste est à repenser!  
Monsieur le pianiste, accordez donc votre piano........
__________________ forumhaiti | | | Thread Tools | Search this Thread | | | | | Display Modes | Linear Mode | Posting Rules | You may not post new threads You may not post replies You may not post attachments You may not edit your posts HTML code is Off Points Per Thread View: 2.00 Points Per Thread: 15.00 Points Per Reply: 5.00 | | | |