Ayiti an chif se sa sijè ya ye...
Ayiti se peyi ki pi pòv nan emisfè wès la. Bidjè leta ayisyen pi piti pase 300 milyon dola ameriken, e nou pa gen kòb pou nou balanse bidjè ya. Se pa koulye la ke nou pa kapab balanse bidjè nou, se te depi sou Janklod. Sèl diferans sou Janklod Ayiti te konn jwenn èd pou balanse bidjè nou, paske se te epòk lagè fwad kote Washington te kenbe tout diktatè nan amerik latin la ak anpil sipò lajan.
Kontèks mondyal la chanje depi an 1990 kote lagè fwad fini, nou nan yon nouvo lòd mondyal, kote se ekonomi neyoliberal ki ap mennen. Prodiksyon nasyonal nou kraze pa envazyon pwodwi pèpè. Tout ti metye kraze nan peyi dayiti, koutiryè, tayè, kòdonye, ebenis elatriye, nou tounen yon vas flea makèt, kote tout moun gen yon pwodwi pèpè ke l ap vann. Tout katye rezidansyèl konvèti an mache. Fenomen sa pa inik a Ayiti. Se menm bagay la ki rive nan tout peyi ki te nan blòk sovyetik la ak sèl diferans ke yo pi striktire ke nou.
Sèl bagay ki kenbe ekonomi nou wa se yon bilyon dola apeprè ke dyaspora wa enjekte nan ekonomi nou wa an lajan likid pa transfè. Lajan sa retounen byen vit a leksteryè pou achte tout pwodwi pèpè yo ke nou ap konsome yo. Li pase nan men ti machann ki nan yon chomaj degize kote pwodwi komès yo wa pa kapab bay yon kalite de vi vrèman ki akseptab.
Sa mwen eksplike pi wo yo provoke sa nou kapab rele fwit deviz. Nou pa gen ankenn sipli pou envesti nan program nasyonal. Pou korije problèm grav sa fò nou rezoud problèm politik la, epi retounen ak yon seri mezi proteksyonis, kouwè sispann enpòtasyon machin ak yon seri pwodwi deliks, limite enpòtasyon ak yon seri de prodwi debaz, mete kota sou yon seri de bagay ke nou kapab pwodwi nan peyi ya, yon fason pou li kapab rantre nan konpetisyon ak pwodwi etranje yo sou mache lokal la
M pa gen plis chif egzak, men mwen panse ke se la diskisyon Ayiti an chif dwe ye. Konbyen kòb nou depanse pou gazolin pa mwa, kobyen lajan nou depanse nan achte manje, rad, e tout lòt pwodwi pèpè...Kijan nou kapab evite depans sa yo...
Denyro