San derespekte moun ki gen zòrèy pòslèn, zòrèy fayans, zòrèy papye fen (?)? Franketienne
Bilten etidyan Fakilte Syans Zimèn
Grennakokonanbouda@yahoo.fr
Ki pozisyon etidyan yo jodia?
Fas ak enpinite, enjistis, grangou, mizè, chomaj, fatra, trafik dwòg, vyolans dwa moun, kadejak, elatriye, nou menm etidyan pitit peyi a, pitit pèp la, nou panse fòk nou aji sou nannan pwoblèm sosyete a (pwoblèm estriktirèl yo) ak tout pwoblèm ki pantan sou nou nan moman sa a (pwoblèm konjonktirèl yo) nan lide pou konstwi yon lòt sosyete ki chita sou libète, lajistis pandan nap mande yon lòt mòd distribisyon richès peyi a ki pase pa bonjan swen lasante, bonjan lekòl gratis, dwa pou tout moun manje, viv san kè sote.
Pou sa rive fèt, fòk nou panse kesyon politik yo yon lòt fason pou politisyen raketè, machann peyi sispann manipile mas yo, tankou ouvriye, ti peyizan, ti machann, chomè tankou pouvwa lavalas la ap fè l jounen jodi a lè l fèmen je l sou pwoblèm estriktirèl ak konjonktirèl kap ravaje sosyete a.
Se pou tèt sa, nou menm etidyan, pou nou ka rive ak konstriksyon yon lòt sosyete, nap mande ak tout fòs nou DEPA POUVWA SANGINÈ LAVALAS LA ki gen nan tèt li DIKTATÈ Jean- Bertrand ARISTIDE ki se yon pongongon ak yon obstak pou satisfaksyon revandikasyon mas yo. Pandan nap kontinye goumen pou nou tabli yon lòt sosyete ki pou entegre tout pitit peyi a ak tout mas pèp la, pou nou tabli dyalòg avèk etidyan nan vizit, nan konferans, nan manifestasyon ak tout lòt aktivite ki gen karaktè sosyal yo ki vize chamjman ak avansman avansman peyi a.
An nou kenbe byen wo flanbo mobilizasyon an avèk etidyan yo jouk sa kaba. Paske viktwa se pou pèp k ap goumen ?
Ann rele Koukouwouj!!! Koukouwouj!!!
1. Kisa yon inivèsite ye?
Inivèsite a se youn nan kote yo fòme moun ki pou itil sosyete a. Se yon espas kritik ki pa nan sere kras, yon lye deba, refleksyon, aksyon pou avansman ak pwodiksyon konesans. Se yon espas kote okenn pouvwa pa dwe vyole (pèsòn pa dwe antre la ak zam). Youn nan gwo travay inivèsite a gen pou li fè se bay kominote a sèvis. Moun kap etidye nan inivèsite a rele etidyan.
2. Ki pi gwo wòl yon etidyan?
Se itilize konesans li resevwa nan inivèsite a nan bay kominote a sèvi. Li dwe itilize konesans sa yo pou chanje epi konstwi kominote a, peyi a, sosyete a.
3. Kòman etidyan yo dwe fè sa?
Yo dwe gen yon kout je ki ale pi lwen sou jan peyi a ap fonksyone. Se poutèt sa, yon etidyan dwe toujou ap poze kesyon sou kijan dirijan yo ap mennen bak peyi a. Nan ka pa nou, ki pi gwo travay yon etidyan ayisyen? Se bay kominote a sèvis, charye revandikasyon mas yo pou chanje lavi mas pòv yo, kesyone fonksyònman leta, mòd separasyon richès yo nan rapò pwodiksyon an. Li dwe batay pou konsève idantite l, pandan l ap rekonèt idantite lòt sosyete yo.
Yon etidyan dwe goumen pou lajistisak libète blayi toupatou nan sosyete a. Pou respè dwa moun ak libète lapawòl ka blayi ak garanti, li gen pou responsabilite denonse, fè presyon, fè manifestasyon, fè siting, bay konferans, simaye trak ak tout lòt aksyon pasifik kont tout dirijan pèpè òlalwa kap bafwe dwa sa yo.
4. Poukisa inivèsite a ak etidyan yo dwe bay sèvis a mas yo?
Nou menm nan inivèsite a, nou sòti nan zantray mas yo, ouvriye, ti peyizan, ti machann, chofè, chomè, elatriye. Se moun sa yo ki peye taks pou inivèsite a fonksyone. Se pa lò èd ki fè l fonksyone; nou dwe retounen kòb sa ba yo nan louvri je yo ak ba yo bon jan sèvis.
Nou menm etidyan, se pa nou ki pral pran pouvwa a, men nou plase pou nou mache ak pèp la nan enterè li, sa vle di ak ouvriye yo, ti peyizan yo, ti machann yo, chofè yo, chomè yo ak elèv yo kap vinn etidyan demen.
Nou mande pou tout sektè sa yo tabli dyalòg ak etidyan yo pou n rive VOYE ARISTIDE ALE ak POU SOSYETE A CHANJE.