sakapfèt frè'm! Ki opinyon, sa w vle. Haiti change oubyen kisa. Sispan'n voye monte. Ki yès ki nan ous lan ki se yon bon moun? Fon ti reflechi, panse ak tèt w. SI w se yon fi ou yon gason, konbyen fwa w tronpe madanm oubyen mari oubyen menaj w? E koman w viv ak moun? W pat janm fè yon betiz, yon erè? Konbyen fwa w tonbe nan yon sitiyasyon pu'm fè lajan nan mal w kite sa paske sa mal. W ka dekri vi'w? Avek konsyans ki not w tap bay tèt 'w.
Monchè, chanjman se pa nan yon moun ni nan yon presidan, men sa dwe konmanse lakay w, lakay mwen, e lakay nou. pase nap voye monte sou moun, panse kijan jenerasyon ta kite yon eritaj pou ti moun kap vini.
W chita sou Preval, men lot yo bon? W bon? Mwen bon? nou bon? Tout kote nou pase Canada, USA, etc, yo pa vle lwe nou kay poutèt nou salop!!!!, Se Preval kifè nou salop??, se mwen? se w??. SE NOU!!!!!.
An panse yon lot fason ti frèm, an sispan kritike. Se vre mesye pa bon, tankou nou tout pa bon. An panse pou pi devan, men jan Bazin te di an 1990, "An esiye tablo, e panse pou devan". Se vre li di lè nou pè di yon mounchè ak nou nan movè kondisyon san lajistis. Men an panse ak peyi dabo. An kite wè sèlman tèt ak fanmi nou. Paske lè nou ye peyi se tout moun nou wè.
Ti frè'm pa gen yon ki ka pese plis ke kek gren pousyè sou yon balans. Pa menm ni mwen ni w. Si sesa, nou patap yon gen prezidan. Pa haiti sèlman, men tout mond lan. An'n gade bon kote mesye, piti koulye, an'n gade neg ki sanble pli pwogresis la, pli teknik lan pou gade si nou ta ka fè yon ti avanse e kenbe yon tradisyon nan chanjman pouvwa a. Konsa, demen w men ka gen chans w tou pou vini prezidan, se aysyen ye tou.


Ti frè'm m pa Preval, ni pou lot yo tou. men m pap kritike yo, men m ta vle yo ba nou yon ti chans pou ka edike mass pèp lan, lè nou montre la pwopte, respè lot moun, konnen lwa e aplike yo. Anpil kite yon eritaj pou lot kap vini yo. EDIKASYION!!! EDIKASYON!!!, Fè yo renmen peyi, E se lakay yo li ye!! E pa gen kote sou mond lan wap pi alèz, se lakay. AN genbe li pwop. Nou ba beswen Presidan ak Gov pou fè sa pou. __An chanje panse nou. Nou BESWEN YON MOUN KAP ATAKE DEVLOPMAN PEYI NAN BAZ LAN: TANKOU ROUT, AGRIKILTI, EDIKASYON, PRIVATIZASYON (POU EVITE GASPIYAJ), APLIKE LA LWA, EDE PEP LAN NAN LA VI MIYO, ANKADRE ABITAN YO, KOMENSAN YO, POV TANKOU RICH, E "SEKIRITE".
Kiyes w panse? Pou mwen pèson eksat, men apeprè nou ka eseye'l anko,men avek tou lot ansanm, nap avanse, avek w avek li, evek nou, ayisyen deyo tankou andan.
Oke frè'm..
tcha'w tchaw'!!