

01-12-06, 10:40 PM
|
 |
Registered User
|
|
Posts: 190
|
|
Sak pase Ginou a te toujou fet e lap kontinye fet
Ginou Mondesir se te yon animatris nan telemax, lanmo li afekte tout moun ki se imen avek yon ke ak sansibilite. Men an nou poze tet nou kesyon: eske se premye fwa nan sosyete aysyen ke yon fi jwenn lanmo nan men neg ki konn ap di l jan li renmen l. Sitiasyon sa se yon sityasyon ke nou rankontre jak jou, mwen rekonet ke li reve nan tout sosyete men nan yon seri de sosyete krim nan pap rete inpini.
Ou menm kap li sam ekri a poze tet ou kesyon konbyen fwa ou tande kote gason aysyen ap fe lwanj jan yo konn bat fanm byen, konbyen fi ou te konnen nan vi w ki pedi lavi yo paske mari l bat li twop. Mwen si e seten ke wap jwen youn kanmem. An tan ke ayisyen natif natal mwen konn yonn ou de ka. Sa ki pi revoltan se ke moun sa ki abize fanm sa lap di li renmen an toujou ap mache sou moun san okenn konsyans ke sa li fe a mal.
Li pa gen konsyans de sa li fe a paske lap viv nan yon sosyete ki pa bay fanm okenn vale, le yon gason pa bat fanm li zanmi di l li poko gason. Le yon gason konn bat fanm li se lwanj li ye pouli paske sistem peyi a pemet li pou li fe sa li vle ak manman pitit li, ou byen madanm li ou byen mennaj li.
Malerezman se chak fwa yon fanm de pwa tankou Ginou Mondesir tonbe ke yo pale de sa. Mwen kwe ke si chak grenn fanm an ayiti ki viktim kadejak ou byen abi nan men mari yo te fe eko patap gen plas pou pale de lot bagay nan lapres ekri, pale, ou televize. Paske mezanmi se yon bagay ki tre kouran nan sosyete nou an.
|
|


01-13-06, 01:24 PM
|
 |
God Is good
|
|
|
|
|
|
mwen dako avek ou nan sa ou di an men se pou nou pran action pou sa pa tj fet
mwen kon yon moun li kon bat menaj li
le mwen revolte kont s ali genyen kouraj pou li di mwne : " le mwen renmen yon moun se pou mwne bat li." quell drole d'amour.
sa ki pi indignat yon le li fin bat tifi an li di li : ouvri bouch oupou mwne we si dent ou yo la tj " apre s ali ale fe remed fey pou li.
pafwa le ou ap li bagay sa ou mande sa ki fe moun sa pa kite neg sa men se pa yon decisyon facil pou yon moun pran .
yon lot le mwen ap vin ak bagay pou mwen supporte s amwen di an
|
|

01-13-06, 01:56 PM
|
 |
Registered User
|
|
Posts: 167
|
|
|
Ginoue
Mwen konprann sa w vle di a tré byen. Antouka, mwen pap janm sipote zak vyolans sou fanm, sou timoun, oswa sou kelkanswa moun nan. Mwen kont vyolans an jeneral.
Ou gen rezon petet le w di zak vyolans rive chak jou nan sosyete ayisyen an. Selman, touye you moun ou ta swadizan renmen ak kout djak machin, kite kadav ko li nan lari tankou chen fe m reflechi sou ki kalte moun k ap mache nan lari a. Mwen sonje Valdo te konn jwe mizik nan legliz mwen le m te Ayiti ( an 97, 98 m kwe). M pa tap janm kwe li te yon kriminel sovaj konsa. Rayisans, anvi, anbisyon, jalouzi, ogey se pi gwo pwazon. Epitou, le w vire do bay Bondye, le w sevi ak non l pou blofe moun, pa gen betiz ou pa ka fe.
Ke m fe m mal pou fanmi Ginoue, pitit gason l, ak fanmi asasen an tou. Mwen seten se yon moman difisil y ap travese jounen jodi a.
|
|

01-13-06, 02:16 PM
|
 |
God Is good
|
|
|
|
se tet anba oui misye te kon kimbe bible la
li pa fouti di mwen li pa te we sa nan 10 komandement yo que "tu ne tueras pas "
Quote:
|
Originally Posted by mezanmi
Mwen konprann sa w vle di a tré byen. Antouka, mwen pap janm sipote zak vyolans sou fanm, sou timoun, oswa sou kelkanswa moun nan. Mwen kont vyolans an jeneral.
Ou gen rezon petet le w di zak vyolans rive chak jou nan sosyete ayisyen an. Selman, touye you moun ou ta swadizan renmen ak kout djak machin, kite kadav ko li nan lari tankou chen fe m reflechi sou ki kalte moun k ap mache nan lari a. Mwen sonje Valdo te konn jwe mizik nan legliz mwen le m te Ayiti ( an 97, 98 m kwe). M pa tap janm kwe li te yon kriminel sovaj konsa. Rayisans, anvi, anbisyon, jalouzi, ogey se pi gwo pwazon. Epitou, le w vire do bay Bondye, le w sevi ak non l pou blofe moun, pa gen betiz ou pa ka fe.
Ke m fe m mal pou fanmi Ginoue, pitit gason l, ak fanmi asasen an tou. Mwen seten se yon moman difisil y ap travese jounen jodi a.
|
|
|

01-13-06, 05:44 PM
|
 |
Registered User
|
|
|
|
|
You right when you mentioned that it?s not a Haitian thing, but it's highly maximize in our community. My only explanation for this problem is that some of the Haitian men think that its "macho" or "manly" to beat up on women. The other explanation is lack of education, self-control, etc... The list can be long. And it's a cycle that continues to repeat itself. I've heard guys who would express themselves of how much they hated their father/step-father/guardian because they were hitting on women. In return, a good percentage of them who hate the act still go around beating on their girlfriends or wife. They ended up doing the same exact thing they hate. In the words of Tom Hanks, "Haitians, we have a problem".
__________________
Fully refined!
|
|

02-02-06, 02:21 PM
|
 |
Registered User
|
|
Posts: 190
|
|
|
Chak fwa yon gason bat madanm li ou byen mennaj li li montre koman li se yon lach paske li bat yon moun ki pake defann li. Bat yon fi pa prouve gason an se yon "macho" ou "manll". Se jist yon lachete.
|
|

02-10-06, 09:03 AM
|
|
|
|
Bonjou mwen dako(kreyol mwen anti jen mélangé)Lé yon gason di li renmen menaj li ou bien madanm li et la bat li met sou li sé yon gason ki fou é stupide.Mwen pa-p jan m kité yon gason bat mwen si l ta fèl yon fwa li pa t t'ap janm fé l ankjo.Bon bref gen fan m ki renmin sa ossi.mè Ginoue pat mérité sa .
|
|
| Thread Tools |
Search this Thread |
|
|
|
| Display Modes |
Linear Mode
|
Posting Rules | You may not post new threads You may not post replies You may not post attachments You may not edit your posts HTML code is Off Points Per Thread View: 2.00 Points Per Thread: 15.00 Points Per Reply: 5.00 |
|
|
|