Kote yon moun fet se yon miste. Pouki se la, e non pa yon lot kote. Depi krityen vivan de bra balanse leve kanpe sispann tren'nen tankou makak, yap mashe, yap kouri, yo travese yon bann ak yon pil savann, deze, konbyen plas dlo. Moun ap fet, moun ap mouri.
Se yon sel moun ki toujou konnen ki koute moun pral fet ak ki kote moun pral mouri. Donk, te sa-a se yon miste.
Se yon miste ke lom paka ni esplike ni shanje. Donk, menm kontanporenm, moun ki fet e ki ap viv menm kote avem paka wete avantaj ak fado ke nesans mwen nan yon plas done reprezante.
Le sikonstans lavi pousem pi lwen, mal tonbe yon lot kote. Eske sa shanje miste, avantaj ak fadoke plas kote mwen te fet-la?
Mwen jwenn lot ki te deja la avanm ap viv kote mal tonbe ya. Avek tout konsyans mwen, mwen mande pou yo aksepte prezans mwen nan mitan yo.
De bon ke ak bon entansyon, yo akseptem. Men, a nenpot ki moman lide yo gen dwa di yo pou yo dim jetem.
Men, moun kote mwen te fet la dim yo rekonet mwen anko. Yo dim mwen pedi tout miste, avantaj ak fado ke kote mwen te fet-la te repranzante dapre zavwa ke mwen te deplase (nou pap menm pedi tan pale pou kisa, pou konbyen tan mwen te deplase).
Men mwen ke moun ki akseptem lot kote mwen te ale ya yo mete deyo. Eske sa vle mwen san nasyon kounyeya?
Eske le yon nonm swa dizan "renonse" nasyonalitel, li pedil, li pedil net? E si yo pran sal te prete ya nan menl, sak pase le sa-a?
Mesye/Dqam nasyonalis yo, yon ti eksplikasyon sou ple: Si Blan Meriken ta mande Simeyis remet yo paspo yo bal kenbe ya, pitit ki moun lap ye le sa-a? Pon Sonde wi li fet....