Quote:
|
Originally Posted by sunyeyes
Ou bezwen pou mwen fe gason yo konpliman? Too bad!!!
|
O non pa di tou. Gason se dyab. Se vagabon. Vauriens, Va nu pieds.
Gason se kretin. Yo pa itil a ryen.
Tandis que la femme, toutes les femmes sans exception se la creme de la creme.
Mwen dako wi.
Ban mwen ba nou yon ti lodians.
Voila se yon ekip fy ki deside ke bagay yo pat bon jan yo ye. Yo de nan pran plezi, epi apre nef moi, doule a se pou yo selman.
Alo yo fe yon delegation, yo monte nan ciel ale pale avek bondye. TiCam sel chef delegation.
Gran met la di dako. Dorenavan, se gason ki pou gin tout doule.
Choses dites, choses faites.
Depuis lors, a chak akouchman, yo mete de kaban. Youn pou madam kap pouse, lot pou mesye yo kap rele serie (yo pa kon pran soufrans).
Medam yo kontan anpil. Jiska ke yon jou, nan yon akouchman, madam la ap pouse, epi mysie ap chante ak siflote. Peson pa ka konpran anyin, jiska yo tande on ban rel kap soti nan la kou a, sete geran la kou a kap tode ak doule.
Sa ou tande a, mem leu a, ania ak sunyeyes kouri refe delegation monte nan ciel ale mande bon dye tan pri, fe bagay yo tounin jan yo te ye anvan.
Moralite de l'histoire: nou pa konin sa nou vle.