Mes chers amis virtuels, byen ke kreyol mwen pa long, ti kritik sa-a mwen oblije fel an kreyol paske yo di ke les linges sales se lavent en famille.
Mwen tap gade foto kanaval jacmel, se pati kras bel, moun yo te gin sanblans festive. Ti medam yo te byen degize ak bel rad kouler vif, rouge, jon abriko, vert e sutou jaune ki kouler soley ke yo tap selebre-a; nan figu timedam ou te we non selman yo te souryan, min tou yo te gin bel makiyaj pou okazyon an, ou te we kontantman nan figi tout moun; nan tout foto yo moun yo tap souri.
Min kanta pou potoprins mwen te vreman desu; se kom si se te yon defile pou premye novanm kite ginyin. Figi tout moun mare, yo pa janm souri; rad yo minm se te kouler blan, ble pal, rose, mwen pat we yon moun abiye ak rad jaun nan foto kem mwen we sou intenet la.
Gin yon ti granmoun kem konin ki minm arive dim ke ti medam madigra potoprins yo sanble ak bonn ti medam jakmel yo!
Si gin kek moun ki te potoprins pou kanaval la tanpri map mande nou pou pataje foto kanaval la avek nou.