Msye nou se fotokopi gwoup politisyen rekalsitran yo, mwen rele nou
entèlèktyèl rekalsitran. Nou di se negosiyasyon ki pou resoud kriz la, pèp
Ayisyen an bay rezilta kriz la deja nan eleksyon 21 me yo, lè li vote "
FANMI LAVALAS, LAVALASEMAN ". Nou fè konnen se yon gouvèman kanson fè ki an
Ayiti, se yon bagay ki fè moun ri, paske nou pran pòz nou pa konnen sa
kanson fè vle di, ale mande " PAPA DOC ", si se yon gouvèman kanson fè ki an
Ayiti, kouman nou fè nou ekri bagay nou ekri a e nou pibliye li.
Dènyèman mwen tap pale avèk yon swadizan entèlèktyèl, msye fè mwen
konnen: ki moun kivote pou Pati Aristide la, se yon bann moun ki pa konprann
anyen, se yon bann moun sòt. Mwen di msye: sak lakòz moun sa yopa konprann
anyen e sak kòz yosòt, msye di mwen li pa responsab, mwen di msye se nou mem
gwoup entèlèktyèl sa yo ki kòz pèp la nan tout pwoblèm sa, paske nou pa
itilize entèlèk nou pou nou edike pèp la, men nou prefere fè vye politik. E
byen msye sise konsa nap fè politik nan peyi Dayiti,nou fèk kare ap pran baf
nan men pèp Ayisyen an, e nou fèk kare ap kriye aprè eleksyon. Nou gentan
ap fè konnen ke se magouye gouvèman sa ap prepare pou li plase msye Aristide
sou pouvwa. Sa fè mwen ri, paske nou gen lè kache entèlijans nou nan pòch
dèyè. Tout etranje konnen, malgre magouye yo fè avèk nou pou yo desann
popilarite msye Aristide, YO PA KAPAB.
Letranje konnen, tout lidè politik konnen e noumem tou gwoup entèlèktyèl
nou konnen e tout mas pèp Ayisyen an Ayiti e a letranje konnen ke msye
Aristide est le future président du pays, ale mande panzouyis msye Marc L.
Bazin ( iwoni ). " Le genie n'a qu'un siècle ".
Nap mande pou prezidan Préval avèk tout gouvèman an rache manyòk yo,
men se entèlèktyèl nou ye nou pa konpran ke msye Préval a été elu par le
peuple pour cinq ans, se sèl eleksyon ki kapab retire msye sou pouvwa a.
Men yon defi ke mwen bannou, mwen sipliye nou, nou mèt mete tèt nou ansamn
chwazi yon kandida pou eleksyon prezidansyèl 26 Novanm 2000 yo, msye
Aristide ap bat nou plakouti. Nou sonje eleksyon 16 Desamn 1990 yo ke msye
Aristide te eli avèk plis pase 67% de vòt, fwa sa bagay yo pral pi grav,
msye ap Aristide ap bat tou lidè ki prezante nan eleksyon sa avèk yon
pouzantaj tèlman wo, se nan lespas lòt lidè sa yo pral rekonèt yo. Mwen
konnen kòm dabitid, noupral di se magouye, ale mande ankò panzouyis msye
Marc L. Bazin ( iwoni ).
Msye, nou di se entèlèktyèl nou ye, mwen respektesa, men nou sipoze
itilize entèlijans nou pou nou ede pèp la, pèp ki analfabè e ki pa bèt,
paske travay pou nou ta fè koulye a se edike pèp, pa mistifye li, paske pèp
sa se pi gwo entèlèktyèl ki ganyen paske li itilize entèlijans li 365 jou ke
BONDYE mete sou latè chak segond, chak minit e chak lè.. Msye pèp la vote "
FANMI LAVALAS, LAVALASEMAN ", lè msye sa yo antre nan chamn nan, si yo pa
regle anyen pou pèp la, pèp sa ap voye yo tout nan poubèl litwa, alemande
LOPL eksetera.., pèp la ap bayo monnen pyès yo. Wi msye pèp la itilize
entèlijans li, tankou yon vrè entèlèktyèl ta dwe.
Travay nou koulye a msye entèlèktyèl se ta pou nou reevalye entèlijans
nou pou nou itilize li nan avantaj pèp la. Pati FANMI LAVALAS ouvè pòt li
pou dyalòg, itilize entèlijans nou ale nan dyalòg avèk na wè si se tronpe
yap tronpe moun, avèk sa na jwen sa pou nou jwen.
Nap mande:
Gouvèman Koalisyon
Gouvèman SAli Piblik
Gouvèman Konsansus
Gouvèman Konsèy Deta
peyi Dayiti fè tout esperyan sa yoi deja. Jan mwen di nou an ale reevalye
entèlijans nou.
" Un intellectuel doit utiliser son intelligence pour servir son pays "
AYIBOBO...
A suivre.
Fed Cameau Dosmas fils
Sosyal Wòkè, powèt, pawolye, dramatij.