Poudi politisyen nou yo janm reflechi sou kalite blag rasis blan OEA ak "pays amis" yo fè sou yo, lè yo fin pase yon jounen ap tande ti nèg sa a ap plenyen pou si, ti nèg sa a ap plenyen pou sa - nan pwòp peyi li.
Chak fwa mwen tande yon jounalis Ayisyen ap mande yon diplomat etranje (sitou Ambasadè Etazini a) kisa li panse ki bon pou Ayiti ta fè. Ki sanksyon yo konte pran kont Ayiti - pou byennèt peyi a - mwen mande tèt mwen ki kalite manman ki pouse ti sousou sa yo.
Mezanmi, blan an vini Ayiti pou li defann enterè peyi li, enterè blan parèy li - se nòmal.
Men noumenm nèg. Kit se Aristide ak Préval, kit se Gérard Pierre-Charles, kit se Kplim, Manigat, Bazin ak tout mesyedam biznisman ki te finanse koudeta yo....fòk nou mande tèt nou: ki enterè n ap defann?
Parekzanp: Prezidan Préval rete twa mwa pou manda li fini, pou gen nèg k ap mande pou li mete kle palè anba pòt pou yo.
Bon, sipoze li ta aksepte fè sa. Epi apre?
Nou pral mande plis blan vini mete nou chita nan fouk yo pou nou deside kilès pami nou 8 milyon an ki pou fè pati «gouvènman pwovizwa», ki limenm pral fè eleksyon - ki pral mennen plis chire pit, plis zak sansinay, plis lamizè. Pandanstan blan Etazinyen, Franse, Kanadyen...ap kontinye vide pwodui pèpè pou ou konsome ak yon goud zòrèy bourik. Pri gazolin ap monte disèt wotè. Malere ap tonbe nan vòlò pou yo pa mouri grangou. Pitit grannèg ki gen zam ap kontinye fè gwo zenglendo, vòl labank...malere kontinye mouri.
Epi blan yo ap kontinye griyen zo bwa dan yo sou nou.
Ki enterè n ap defann mesyedam? Blan an limenm li konnen enterè pa li fen e byen - reflechi sou sa !
Jafrikayiti
«Renmen Ayiti vle di: Renmen Ayisyen !»