«Hérarderies, Guerriereries, Pierroteries, Soulouqueries,...Gourgueries -
Poutan, m pa ka ri! » (Vandredi 9 févriye 2001)
Men yon lòsyè nan kronik radyofonik «Griyo Afrikayiti» mwen reyalizei sou
listwa pèp nou an...
Lè mwen te ekri tèks sa a, mwen pat okouran mesyedam «Convergence
Démocratique» nou yo ta pral fè yon «percée Soulouquienne» à la «Back
to the future». Tankou pèsonaj Sixto a te di lòt la: «Messieurs, certaines
coÏncidences sont des signes!».
Anmize je nou...
------
....
Alòs, kòmnoudizon, apre milat yo te fin voye Boyer al nan kanpe lwen, sòti
nan ane 1843 rive 1846, nan lespas 3 zan, gen 3 nèg nwa ki vin chofe
chèz boure a, ansakalite de prezidan popetwèl. Charles Rivière Hérard leve
bay yon lepè 87 tan ki te rele Phillipe Guerrier fè yon ti chita tou kout. Mezi
pou ret tann granmoun nan mouri bay yon lòt lepè 84 tran poze kadav pa li
sou chèz la. Mesye potanta milat yo pa menm gen pasyans pou yo ret
tann Jean-Louis Pierrot fè vwèl natirèl pou peyi san chapo, yon jou 28
fevriye 1846, yo anonse lepè a li pa prezidan ankò. Fwa sa a, se yon jenn
lepè 70 zan yo bay pèp Ayisyen pou li rele «Viv Prezidan Riché».
Wi! 1 mas 1846, 17 kout fizi tire nan lavil Senmak, pou klewonnen
Jean-Baptiste Riché Prezidan Repiblik dAyiti - yon nonm 70 zan ki te gen
yon sèl grenn nawè, lòt la je pete-klere»...
Alewè tout tèks la nan:
http://www.i-port.net/sd-in-j/chronicle.htm (Koze Nèf Tankou Ze Fre)
osnon nan
www.haiti2004.com (Fowòm Ayisyen Windowsonhaiti.com)
------------------
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"