Lèt sa mwen te pibliye li depi 26 jwen 2000:
Se yon lèt tou louvè pou Me. Léon Manus Ansyen Prezidan Konsèy Elektoral
pwoviswa a...
Mon Chè, se avè anpil plezi mwen koute konvèsasyon ou avèk radyo Metropole
an Ayiti," You are so ridiculous, you make me laugh ". Aprè eleksyon 21 Me
a, tout òganizasyon nasyonal e entènasyonal, anpil jounalis Radyo, jounalis
Televisyon, Jounal pale e jounal ekri, tout majorite pèp e mwenmen tou ki te
branche lantènn mwen sou Radyo Solèy Dayiti a Nouyòk daprè sa jounalis ki
tap voye nouvèl bay radyo sa, yo tout fè konnen ke eleksyon sa yo te byen
pase, men te genyen des petits problems, yo tout rekonèt e oumem tou rekonèt
kandida ki pati politik tout pèp la te vote. Kòm nou rele mas pèp la "
Chimè ", ou konnen kote tout vòt chimè te ale. Lè LOEA wè se tout bon ke
konsèy la ta pral pibliye rezilta yo, daprè lwa elektoral la rezilta
eleksyon yo dwe pibliye nan 48 tè aprè eleksyon yo. Yo rele anmwe kanpe la,
LOEA fè oumem avèk tout lòt mamb konsèy la konnen ke kontaj la pa bon, fòk
konsèy la refè kontay sa. Ou mem, Me. Léon Manus, ou ekri reprezantan LOEA
Mr. Orlando Malville yon lèt piman bouk, ou di li, li pa kapab vini montre
nou konte, se mem fason an ansyen konsèy elektoral yo te abitye konte tout
vòt nan eleksyon 1990, 1995, 1997, ou te fè tout moun konnen ke se mem fason
an ke ou pral aplike pou eleksyon 21 Me 2000 yo, tout moun te dakò, LOEA,
pati politik yo eksetera, daprè ou mem...
Lè ou te ekri Mr. Orlando Malville lèt sa, siman pati politik ke wap akize
koulye ya te mete pè zamn nan zòrèy ou lè ou tap ekri lèt sa, paske mwen pa
konprann revireman sa ( iwoni ).. Avèk konplisite Anbasadè letranje ou pran
la fuite pour l'étranger, ou chapepoul ou, koulye a ou fè tout moun konnen
ke ou an egzil, ou fè tout moun konnen ke menas ki tap fèt sou ou file
tankou kouline kay bouche, se poutèt sa ou kite peyi Dayiti tanporèman, men,
helas... e lòt de mamb konsèy sa ki se mamb pati politik rekalsitran yo, sa
yap fè nan peyi a, yo pat genyen menas ki te pandye sou lavi yo tou ( iwoni
)...
Mon chè, ou se yon mantè pèsonifye, ou fè pati gwoup " pèdan rekalsitran yo
". Koulye a, tout pati politik " pèdan rekalsitran " yo ap mande pou anile
eleksyon yo, yo tout ap fè lwanj pou ou, ye rele Ayibobo pou ou, paske yo di
ou se yon nomn onèt paske ou pran mem pozisyon avèk yo, men helas... Msye sa
yo fè konnen ke piblikasyon rezilta eleksyon yo pa bon, paske ou pa siyen
anba piblikasyon sa, mwen ta swete ou rele msye yo, pou fè yo konnen ke
rezilta eleksyon an te dwe pibliye depi 48 tè aprè eleksyon an. Se pou di yo
tou si konsèy la te genyen 9 mamb la dan, si 3 mamb kite konsèy sa toujou
fonksyonèl, paske konsèy toujou rete legal e valableman li kapab pibliye
rezilta eleksyon yo, paske ou pat yon prezidan konsèy elektoral AVI.
Rezilta yo valab paske " LA MAJORITE EMPORTE ". Daprè anbasadè peyi Fransè
se 8 senatè " LA FANMI LAVALAS " ki pase nan eleksyon sa, LOEA di se 7
senatè e oumem ou fè konnen ke se 5 senatè ki te pase nan premye tou
eleksyon an, ki yes nan rezilta sa yo pou mwenmem avèk tout sitwayen
konsekan pran, nan kalkil mwen 8 plis 7 plis 5 egal 20
( iwoni ), sa montre mwen ke te genyen yon konplo, si Jean Leopol Dominique
te la a la kriye li tap fè ou kriye ansamn avèk tout lòt konplotè yo.
Mon chè, si chak eleksyon ki fè an Ayiti depi se pati " FANMI LAVALAS "
ki pase nan eleksyon sa yo yo pa bon, sasa vle di, lopozisyon pa dakò,
lopozisyon sa depi li egziste li pa jamn dakò avèk anyen, se poutèt pèp la
rele li lopozisyon dekonpozisyon.
My friend, named one country in the world where election is 100% perfect, I
am waiting for your answer or answers of any of your friends pèdan
rekalsitran. An 1997, epòk LOPL te mè e sejnè nan 46 lejislati ya, senatè
FANMI LAVALAS ki te pase nan eleksyon 1997 yo pou kisa yo pat kapab antre
nan chamn sa, mwen ta renmen ou reponnn mwen keksyon sila, jiskaske paleman
sa kadik yo pa janmè fè anyen, ou etiez-vous Me. Léon Manus. Yo te rel
eleksyon sa yo, eleksyon Chanpwèl, koulye ya yo rele eleksyon sa yo eleksyon
chòvsouri, sa fè mwen ri paske mwen wè ke msye lidè politik sa yo se
pyèsteyat ke yap fè an Ayiti. Sa mwen konseye yo depi koulye a se bib pou
yo pran paske eleksyon sa fè li fè nèt e rezilta yo bay yo bay nèt.
J'aimerais savoir d'après vos calculs quels sont les 5 noms des sénateurs de
FANMI LAVALAS qui ont ete reussis dès le premier tour, ainsi fera LOEA et
les autres ambassadeurs dites amis ( es ) D'Haiti. Vrè AYIBOBO pour Charles
Suffra de KOZEPEP ki fè pati de CNO, msye Suffra denonse CNO, mem jan pèp
AYISYEN demaske ou. Lè msye CNO yo tale rankontre LOEA konsènan rezilta
eleksyon yo, LOEA mande yo, sa yo panse de rezilta ofisyèl la, msye CNO
reponn LOEA, se ou papa LOEA ki pou anpeche msye sa ale rantre nan chamn
nan, men helas.. le complot se poursuit.
Mon chè, ou se yon pèdan rekalsitran mem jan avèk tout lidè politik pèdan
rekalsitran yo, si yo pase yon ti bè bò bouch ou ala pale wap pale. Ou te
sansib pou vi ou konsa poukisa ou tale pran jon dyòb danjere konsa, ou raple
sa Boukman te di tout esklav yo " Si nou vle mouri lib rete avèk mwen nan
fò, men si nou vle tounen lesklav ankò sòti la, yo tout yo rele Nous
mourrons tous et toutes pour la liberté "
Me. Léon Manus, vous etes un lache que la justice Haitienne doit juger et
puni. Si ou di se 5 Senatè FANMI LAVALAS ki te pase nan premye tou eleksyon
yo poukisa ou pat pibliye non msye sa yo aprè 48 tè. Pour un messieur de 78
ans, vous etes un menteur qui n'a rien a perdre, seul votre choix d'etre en
exil d'autre terre.
A suivre...
Fed Cameau Dosmas fils
Sosyal Wòkè, powèt, pawolye, dramatij.