Oubliez l' armee. C'est une institution pourrie et corruptrice que nous a leguee les Occupants de 1915 dans le but precis de nous maintenir tetes baissees dans la marde. C' est que 1804 reste une aberration a leur psyche de racistes congenitaux paranoiaques qui ne cesseront jamais de recrire l' Histoire par n' importent quels moyens. Se debarasser de cette armee-croupion a ete un coup de genie de la part de Titid. Dans 100 ans il entrera dans le Pantheon de nos dieux vodous a Nous. C' est bien que ces fous aient montre leurs tetes: maintenant on sait lesquelles qu' il faut couper d' urgence.
Kouman poun mete sekirite kote nap pale la-a?
Pa gen anyen ki di ke yon ti lame de 10 ou 100 mil gason se sel fos ki ka bay sekirite ak stabilite nan peyiya. Listwa-nou deja montre tre kle ke Himler Rebu nan manti ak tet-li. Bliye lame tradisyonel-la.
ETabli yon Programme d' Autodefense Citoyenne ki sanble pli zou mwen ak model Swis-la. Mete komite katye sou pye pou siveye tout kay ak tout mouvman nan katye yo 24/24.
Ministe de Lenterye, Ministe Lajenes ak Spo dwe travay ak Ministe Edikasyon Nasyonal pou fe de shak Ayisyen/tout Ayisyen yon solda kapab de defann katye bo lakay li nomalman le tan poul gen 17-18 an. Kouman?
Spo ak kilti fizik obligatwa nou tout lekol (prive, piblik,etc). Depi lekol-la nan peyiya li oblije swiv pwogram-sa-a, ou ben non revoke lisans li.
Spo vin tankou tout lot matye, si elev la pa pase spo ak kilti fizik, li pa ka ni al nan lot nivo ni gen diplom.
Le gen konje ak vakans, oblije tout elev ale nan lot lokalite, nan lot zon, nan lot pwovens poul al konn peyil ak Sitwayen parey-li, pou youn aprann de lot, pou elimine sektarism ak prejije. Entrodwui Ar Masyo (Arts Martiaux) depi nan jaden danfan, montre timoun yo manyen zam depi laj de 15 zan. Le tan poul gen 17-18 tan, jenn sa-a (fanm kou gason) ap yon solda nomal. Se konsa tou nap tou aprann dekouvri tout sa ki gen lespri ti sousou, nap ka deja prevwa ki yes kap bon, ki yes kap meshan demen. LE TOUT aYITI se yon sel lame de 7-8 milyon solda, Dominiken ap sispann mase fos militel sou fwontye-ya.
Psikolojikman Dominikani plis ke pare poul eseye fe yon dap piyanp sou Ayiti. Menm sil pa ta reyisi, sa ap tou sevi kom eskiz pou LONU tou mete program de tutelle permanente pou Ayitil-la sou pye.
Epi tout ti sousou tankou Rebu, Ray Joseph ak Dorelien lib dale viv kay Satan yo pran pou bondye-yo. Nou menn Ayisyen pran nan plizye piej tankou seman Viv Lib ou Mouri ke Zanset yo te fe ya. Ki donk, nou paka ni mawon, ni viv tet anba anba bot tet sevel sesh tankou Avril, Rebu ak Konvejans Indijans Sousou Kakatwe. Nap oblije kontinye batay nan tout sans pa nenpot ki mwayen.