Onè kakakòk,
Alapapòt m ap di ou ke mwen nan ekip Ayiti F.C. k ap jwe yon match eliminatwa kont Kolon F.C.
Kidonk, mwen espere ke nou nan menm ekip vre epi ke se menm match n ap jwe.
Mwen pa ni nan ekip Titid F.C., ni Lavalas F.C. Ekip sa yo se ekip mwen suiv nan kad konpetisyon Nasyonal ak Rejyonal. E mwen pa kache de di ou, lè gen konpetisyon sa yo, mwen pi fanatik Lavalas F.C. pase lòt ekip tankou Makout F.C. , Konvèjans F.C. osnon Maniga F.C.
Mèzalò fòk ou konprann aklè ke si nan yon match Koup Pradèl, mwen remake yon jwè Lavalas F.C fè yon tak nan do epi li kase pye yon jwè Maniga F.C., mwenmenm m ap mande abit pou yo choute penalite sou Lavalas kare bare e si Lavalas fè koken osnon malelve nan yon match, m ap byen kontan si li pèdi match sa a.
Mèzalò, tout sa pou mwenmenm, pa gen anyen arevwa ak match k ap jwe jounen jodi a. Tankou mwen di ou deja, mwenmenm se yon match Ayiti F.C. kont Kolon F.C. mwen wè devan je m. E mwen santi gen anpil jwè Makout F.C. ak Konvèjans F.C. ki pa nan Seleksyon Nasyonal la, ki fè kòlè akòz desa epi yo al chita dèyè do gadyen Ayiti F.C. a epi y ap fè bri pou distrè li epi ede Kolon F.C. fè gòl sou ekip Nasyonal la.
Kidonk, lè ou fè kòmantè sa a:
"Ou panse yon neg tankou mwen tap alez a kote Deronceray, Avril, Renold Georges. Vye fwe mwen serye di mwen koman ou fe a kote Fourel , Bazin bayard Vincent et lot gwo kraze grenn yo .Mwen vle konnen koman pou mwen fe ak Lawon mwen koman ou fe ak Dinozo ou yo...."
Mwen sètoblije di ou, se pa sitèlman prezans ou akote Deronceray ak Reynold Georges ki fè mwen espantan - menmsi mwen pa gen bon imaj de nèg sa yo. Sèke ou ap mande pou yo lage Prospère Avril ki rekoni kòm espyon k ap travay pou Kolon Meriken depi dikdantan. Yon espyon ki te arete ou, kase kòt ou, imilye ou devan lemonn antye pou bon plezi kolon rasis yo. Sa ki deranje mwen sèke ou vwayaje al chita ak Jesse Helms pou ou konplote kont Prezidan peyi ou. Yon nèg ki te nan menm tèt chaje ak ou lè Makout, ajan CIA, tap simen latèrè nan peyi a. Sa ki fè mwen lapenn sèke estrateji sa a, alalong ap febli ni oumenm, ni Titid, ni ekip Nasyonal la. Sèl moun k ap pwofite tout bon vre salafendèfen se kolon yo.
Kounye a, ou mande mwen "koman ou fe a kote Fourel , Bazin bayrd Vincent et lot gwo kraze grenn yo .Mwen vle konnen koman pou mwen fe ak Lawon mwen koman ou fe ak Dinozo ou yo.... "
Premyèman, mwenmenm pèsonèlman, mwen pa konnen nèg sa yo nan fondal natal yo men, mwen daprè sa mwen konprann yo tout se Ayisyen e yo tout pa menm kalite nèg. Marc Bazin Paregzanp, se yon nèg mwen pa janm te dakò ak opsyon politik li, men mwen pa okouran ke yo akize li de okenn zak kriminèl. Nou pa ka di menm bagay la osijè de Propère Avril. Kanta pou Fourel ak Bayard Vincent mwen pa konnen detay sou yo pase sa. Mèzalò, sa pa p etone mwen si nan ekip Lavalas ki opouvwa a gen move grenn.
Finalman, m ap di ou ankò, mwen pa gen dinozò pèsonèl, mwen pa manm okenn pati politik, mwen pa gen okenn kontak ak okenn politisyen Ayisyen. Mwen kritike Lavalas, Aristide, Préval, K-Plim, selon konsyans mwen, selon konesans mwen.
Sèl preyokipasyon mwen, pasyon mwen, sèke noumenm pèp nwa toupatou sou planèt la, nou reyisi dekonstonbre sistèm sipremasi blan an epi kreye sosyete ki nòmal pou nou viv tankou moun.
Alòs, ou konprann pou kisa se match ekip Nasyonal la ki plis enterese mwen. Sizoka gen mwayen pou nou mete jwè Maniga F.C, jwè Konvèjans F.C, menm jwè Makout F.C. nan yon ekip nasyonal pou ranfòse li, mwen pap gen pwoblèm ak sa. Mèzalò, mwen pap janm aksepte pou yon nèg fin tann seleksyon monte pou l ap vann sekrè ekip la bay Kolon yo. Sa se trayizon.
Si gen abi, si gen visye, si gen magouy, si gen diskriminasyon ki te fèt pou elimine yon bon jwè lè seleksyon an tap monte, se nòmal pou gen revandikasyon. Se nòmal pou fanatik yo mande dyalòg, negosiyasyon pou koreksyon ka fèt. Okontrè, sa se kichòy nou tout bezwen aprann fè nan peyi nou. Men, mesyedam annou serye, se pa ekip etranje ou envite vin regle yon bagay konsa pou ou.


M ap tou pwofite di ou ke mwen se yon ansyen fanatik Racing Club Haitien. Lè mwen te piti mwen te konn priye Bondye pou Racing genyen yon match foubòl. Mèzalò, lè sa a mwen p at janm konnen Racing te yon ekip Makout, ekip Roger Lafontant. Men, malgre mwen vin konn sa kounye a, mwen toujou renmen Racing, mwen toujou apresye bèl mèvèy mwen te konn wè Gérald Romulus (Dyab baka) ak Eddy Antoine fè nan mitan teren Estad Sylvio Cator. Menm jan an tou, mwen te toujou renmen gade Wilner Piquant k ap fè bèl mèvèy nan kan L'aigle Noir ak Violette. Lè se nan kan seleksyon nasyonal la menm se pa pale. Jounen jodi a, mwen konprann pou kisa se vòlò Racing te vòlò match kont Aigle Noir kote Lafontant te fè abit bay move gòl anfavè Racing.
Kidonk, kanmarad, men pou kisa mwen te poze ou tout kesyon sa yo. Paske rèv mwen se pou yon jou rive tout Ayisyen kanpe pou kore yon ekip Nasyonal lè l ap jwe kont keseswa ekip etranje a. Kit se nan jwèt boul, kit se sou teren politik.
Respè,