Mesye Dam Lasosyete,
Ayiti ap chanje lè li tout nèg ki anba lesklavaj lamizè aksepte pou yo fout malfèktè klekou. Nou dwe refè 1804. Men fwa sa a, nou dwe pi veyatif pou milat pa pran li nan men nou ankò.
Si ou gade, jounen jodi a tout klas yo reprezante menm jan ankò.
a. Blan yo - Kolon ak kominote entènasyonal ak ONG ki pou panse maleng yo.
b. Afranchi yo - pati politik soufrisken ki fèt nan bouzinay ak lajan blan epi achte konsyans kèk nèg lakay. Nonmen non yo, IRI, Entènasyonal Sosyalis, Sosyal demokrat, Kominis makiye, etc.
c. Esklav yo. Malere yo - (Les esclaves de maison on les appelle, "Milittants" - Militan KID yo - Les esclaves rebelles qui demandent une répartition à tout prix, on les appelle "chimè" - chimè lavalas yo - et les autres catégorisé par Dessalinnes comme "ceux dont leurs pères sont en Afrique." Ils n'ont donc rien, ni à perdre ni à gagner. E se yo ki pou fè revolisyon an tout bon pou chavire nechèl.
N.B. Dyaspora yo nou ka mete yo nan menm kategori ak Pyè Tousen ki te oblije mouri poul li pou li te ka reyisi.
Salitasyon anba drapo peyi a,
Granzepon