 | Elections & Insecurity (anonymous posting allowed) - Certains Haitiens désespérés pensent que même si on arrivait à des élections dans le climat de violence actuel en Haiti, cela ne changerait rien à lá dégradation galopante que nous vivons. D'autres s'y accrochent pourtant... Alors qu'en pensez-vous d | | Welcome to the Foire d'Opinions Haitiennes forums. You are currently viewing our boards as a guest which gives you limited access to view most discussions and access our other features. By joining our free community you will have access to post topics, communicate privately with other members (PM), respond to polls, upload content and access many other special features. Registration is fast, simple and absolutely free so please, join our community today! If you have any problems with the registration process or your account login, please contact contact us. |  
09-21-02, 12:52 AM
| | | Pawòl PM Claudette Werleigh - 2zyèm pati - Dimanch 22 Septanm 18h Emisyon "Bouyon-Rasin" envite ou koute konklizyon yon chita pale Jafrikayiti fè ak ansyen Premyeminis Repiblik d Ayiti, M. Claudette Werleigh.
* Kote verite a chita: nan "Le pouvoir aux plus capables" osnon nan "Le plus grand bien au plus grand nombre"?
* Ki sa ki esplike chirepit "Lavalas kont Convergence" lan?
* Enfliyans "kominote entènasyonal" la nan politik Ayisyèn se kichòy ki pozitif osnon negatif?
* Èske Madanm Werleigh ap kandida an 2006?
Sispann devine, verifye koneksyon entènèt ou epi prepare radyo kasèt ou depi jodi a.
M. Werleigh te sèvi Repiblik d Ayiti kòm Minis Afè Sosyal an 1990, kòm Chèf Kabinè Premye Minis René Préval an 1991, Minis Afè Etranjè ant Septanm 1993 epi Novanm 1995 epi kòm Premye Minis Repiblik d Ayiti sòti Novanm 1995 pou rive Mas 1996. Alèkile, Madam Claudette Werleigh se Direktè Pwogram Transfòmasyon Konfli nan Institut "Vie et Paix", yon òganizasyon entènasyonal ki tabli nan peyi Lasuèd.
Nan moman nou te fè ti chita pale sa a ak Madam Werleigh, li pat gen lontan li te sot fè yon ti vizit lakay li, nan peyi d Ayiti
-----------------------
Branche sou www.chuo.fm
Dimanch 22 Septanm 2002, sòti 6 zè di swa rive 7 tè di swa.
Nimewo kote ou kapab kontakte nou pandan emisyon an se: 1 (613) 562-5967.
Jafrikayiti
"Avèk yo ou san yo Ayiti ap chanje" (Boukmann Eksperyans ~ Ti pa ti pa ~)
__________________ Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com | |  
09-21-02, 11:43 PM
|  | Myotonic Dystrophy | | | | | kochon an genyen grenn ALO JAF OU SANBLE KE OU SIBVANSYONE ! ! papa ti det se gwan don ! ki le lap vini ak kozman sou rapo de pwodiksyon !
pwodi a avarie li gate " ou paka pote'l nan mache anko.
pas de recyclage sous le web!
amen !
__________________ LES DEUX FRERES JUMAEAUX ARISTIDE ET PREVAL LA NOU NAN KK ! | | 
09-22-02, 09:44 AM
| | | Kakakòk,
Sispann deblatere,sispann divage.
Madan Weirleigh poko di si l ap poze kandidati l pou 2006.
Si l ta deside fè sa,mwenmenm ak anpil lòt ayisyen ap di bravo.
Di mwen si gen ayisyen ki pi prepare,ki gen plis eksperyans nan zafè gouvènman ke madan Weirleigh ?
Nou sonje repwòch nou te fè Aristide yo,ke l pa t gen eksperyans,ke l pa t prepare?
fwa sa a nou t ap oblije foure agiman sa yo nan pòch nou.
Ankò m ap di si si madan Weirleigh ta deside kouri pou prezidan ,mwen t ap di BRAVO.
Kite pèp ayisyen an deside.Se li sèl ki gen dwa fè sa. | | 
09-22-02, 11:09 AM
|  | Myotonic Dystrophy | | | | ST JAN LE BOMDA CORPS.
MWEN KONNEN OU SEKWE DES DIAB , DONNE CHANJE ,ARISTIDE GENTAN TWOUVE YON LOT POPET .ST JAN PASE KOT OU TI DET GENYEN RANDEVOU AK LA JISTIS POU DETOUNEMAN, POU MALVESATION LAJAN AK PWOPEIYETE LETA, KOM TEMWEN NAN KANBRIOLAJ PROMO NANK OKAP LA ,
PWODI AVRYE ARISTID GENYEN YO LOT POPET !
__________________ LES DEUX FRERES JUMAEAUX ARISTIDE ET PREVAL LA NOU NAN KK ! | | 
09-22-02, 12:47 PM
| | | Kakakòk,
Tout sa w ap di la yo se rans.Mwen pa nan okenn sekrè dè Dye,paske mwen pa gen okenn koneksyon ak rejim Lavalas la.
Pòpèt,pa Popèt,se pèp ayisyen an ki pou deside.
Tan k pou nan tripotaj san fondman,ou menm ak konpayèl ou yo,prezante yon altènetiv bay pèp ayisyen an.
Sispann pale de vòl nan Promo Bank,koripsyon ,epi,epi. epi.
Si nou pa prezante altènativ sa a,pèp ayisyen an ap konsidere nou tankou yon plak ki kole,tankou moun fou.
Si yon sèl bagay nou konnen,se tout la jonnen ap plenyen koripsyon,asasinaj,diktati elatriye.
Nou wè pèp ayisyen pa okipe nou.Oumenm ak konpayèl ou yo,vini ak yon pwogram politik.
Sa p ap ase non ,Fò k nou gen kapasite pou nou konvenk pèp la ke pwogram sa a,ap pote yon lavi miyò pou li.
E franchman Kakakòk,mwen konnen ke nou pa gen kapasite sa a. | | 
09-22-02, 03:26 PM
|  | Junior Member | | | | | Si madam la senti li kapable president, se li ki konnin. Se peuple la ka decide. Fete 200 annes ka pral rive, pli important ke nin pote president. Vive Haiti
__________________ Claude | | 
09-22-02, 04:21 PM
| | | Daurig,
Se egzakteman sa .Madanm lan prepare ,li gen eksperyans.
Si l ta vle brige prezidans lan,se t ap yon bagay plis ke nòmal.
Kòm ou di tou 2006 lwen nan fiti,bagay ki pi enpòtan se selebrasyon 2oo yèm anivèsè yon revolisyon ke yon entelektyèl nwa ameriken te deklare ke se youn ki pi enpòtan nan tout listwa limanite. | | 
09-23-02, 12:14 PM
| | | Onè Kanmarad,
Si nou te gen opòtinite koute chita pale a, nou ta remake ke Madam Werleigh te di li ap kontinye sèvi peyi li jan li kapab, men li pa kwè li enterese vin ni Minis ni Prezidan.
Kesyon nou te poze nan kad emisyon yè swa a, se ki avantaj sa ka pote pou stabilite politik peyi d Ayiti, si plis fanm vanyan vin enplike nan jwèt politik la?
Li klè, apa MOUN lach tankou KKKòk ki renmen mache di betiz san prèv ak bouch li sou pèsonaj piblik (ki pa gen avantaj gade anonima) - Ayisyen nòmal rekonèt epi respekte pakou politik Madanm Werleigh. Mwen pa gen tan pou mwen vin gaspiye la a ak KKkòk k ap ranse sou entènèt. Gen twòp bagay serye ki pou regle.
Odela de endividi yo, odela de kesyon pati politik yo... gen Ayisyen ki enterese aji nan entèrè peyi yo pou pèp Ayisyen jwenn yon alemye. Pou nou diminye fòs kote ki egziste nan sosyete a. Pou konbat Apartheid k ap feraye nan peyi a depi 1492. Gen moun ki derefize rete bloke nan nivo batay kòk gagè k ap fè konkou ki lès ki gen plis tetostewòn.... Se nan sans sa a, nan emisyon Bouyon-Rasin, nou tanmen yon seri refleksyon ak yon seri Ayisyen respektab pou nou bouske chimen limyè.
Si nou gen kèk sijesyon osnon kontak pou kèk moun nou kwè kapab patisipe nan yon seri refleksyon konsa, pa neglije voye yon ti nòt pou mwen nan jafrikayiti@hotmail.com
Mèsi davans!
__________________ Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com | | 
09-23-02, 12:32 PM
|  | Myotonic Dystrophy | | | | jou la jistis ap mete kod nan ti det ,jaf la pwan ou pou avoka.
mwen rete tidei se yon gwo nagyez lavalas yo.kite fe ampil magouy ak pe\wopwiyete leta avan lite kite post li. Jou anket pwomo bank nan okap la ta fini pousiv tidet genyen ampil koze poul ta rtakonte la jistis.
Ou paka gentan poukakakok , kakakok pa genyen lajan pou sibvansyone ou pou fe popagan. ti pe tedi li pa ta janm renmen soufwi maladi pouvwa. lavalasyen se vole ak mante.
antouka ti la jistis soit avec toi ! dosye a la li pa disparet.
lavalasyen toujou renmen fe ekse dezel ou abativant madanm lan poukisa ou mande li kisa li konnen sou kanbriolaj pwomo bank la ? de paket te leta yo li magoye ?
mwen pa poze keksyon sou afe kilo yo ? mwen kite sa pou la DEA ?
__________________ LES DEUX FRERES JUMAEAUX ARISTIDE ET PREVAL LA NOU NAN KK ! | | | Thread Tools | Search this Thread | | | | | Display Modes | Linear Mode | Posting Rules | You may not post new threads You may not post replies You may not post attachments You may not edit your posts HTML code is Off Points Per Thread View: 2.00 Points Per Thread: 15.00 Points Per Reply: 5.00 | | | |