Konsilye Mwayen ak Fen - Edner Saint-Amour
Sous:
WWW.KREYOL.ORG
Desten pèp Ayisyen toujou ap flote nan van. Listwa nou depi lenpandans jiskanojou prouve nou sa. Yon listwa konfli dejenere an kriz ki pa janm jwenn yon solisyon.Sa ki fè nou toujou ap flanbe nan yon boukan dife divizyon ki mete ayisyen dozado, ki fè ayisyen ap viv nan tire kout kouto, kidonk nap viv nan chen manje chen.
Listwa pèmèt nou wè oubyen konstate boujwazi ayisyèn nan te toujou divize. Aristokrasi ki fòme boujwazi ayisèn nan apre lendepandans konpoze an de group diferan (diferans pa toujou vle di divizyon) :
1) Pitit ansyen kolon ak nègès esklav ke dwa san (eritaj, patènite) fè yo vin boujwa, moun ki genyen mwayen prodiksyon li
2) Pitit manman ak papa esklav ke dwa distenksyon merit kouraj fòs batay pou libète fè vin boujwa.
Tou de group diferan sa yo ki fòme yon sèl klas ki chita sou mwayen prodiksyon, olye yo te chèche jere enterè yo nan benefis tout nasyon an, te plonje nan yon basen divizyon kote yo pa ka soti. Yo te kite yo anpòte nan kouran zafè pèsonèl yo ak lòt pwoblèm ki genyen rapò ak koulè po. Nan gwo konplo kont Jan Jak Desalin ki t ap revandike pou ansyen esklav yo, pou yo ta jwenn yon moso tè pou yo sekle, tou de boujwazi yo te mete tèt yo ansanm (Kristòf nèg nwè, Petyon nèg milat) fè akò pou touye Desalin. Kòm se te yon akò popetwèl ki te chita sou dechoukay, touswit apre, peyi ya te divize an de kan :
1) Kristòf pran zòn nò
2) Petyon pran zòn lwès.
Apre lanmò Kristòf, peyi a te vin fè yon sèl ankò, men konfli a pa
janm rezoud, ki fè nou toujou debouche sou yon kriz sosyal. Move
kalkil ak visyon ni nèg milat ni nèg nwè bay kriz la yon vizay koulè
po. Men lè nou analize byen nou ka wè se yon pwoblèm ki anrapò ak zafè pouvwa ki telman mal jere li tounen yon boukan dife pou peyi a.
Pwoblèm pouvwa :
1) pouvwa ekonomik paske boujwazi milat la genyen monopòl biznis
2) Pouvwa politik paske boujwazi nwa genyen monopòl mas popilè.
Zafè koulè a mete divizyon ki fè genyen de boujwazi nan yon boujwazi. Lòt espesyalis nan syans sosyal konstate menm divisyon sa a tou. Yo pale de
1) boujwazi tradisyonèl ki genyen pouvwa politik ak enstitisyon leta yo nan men yo ak
2)boujwazi konpradò ki genyen pouvwa ekonomik nan men yo.
Dezòd anwo dezòd anba. Divisyon boujwazi a an de kan divize pèp ayisyen tou. Paske
1) Vant pèp la nan men sèktè boujwazi konpradò a paske se li ki genyen mwayen prodiksyon ki ka envesti, kreye travay ke mas pèp bezwen
2) Tèt pèp la nan men sektè boujwazi tradisyonèl la ki genyen pouvwa politik la, paske se yo ki genyen enstitisyon leta yo nan men yo.
Kòm boujwazi a divize, sa fè pa genyen ni devlòpman ekonomik ni
demokrasi andedan peyi a. Kapasite yon bò, volonte yon lòt bò. Ki vle di nasyon pran nan kout pa konprann provèb ki di : kote ki gen chèn pa gen kou, kote ki kou pa gen chèn. Sa ki fè nou toujou ap vire won fè wonwon. Boujwazi tradisyonèl ak boujwazi konpradò, yonn pa fè lòt konfyans. Yonn ap tire pèp la adwat, lòt la menm ap tire pèp agòch.
Franswa Divalye prale vin prezidan nan pran woulib sou zafè koulè po ak sipò lame li te jwenn. Olye miche chache mwayen rezoud kriz sosyal la, li prale toufe li ak fòs represyon tontonmakout li yo ki te gaye andeyò nan mòn kon lavil. Li mete mizo nan djòl ni boujwasi konpradò ni boujwazi tradisyonèl ni pèp.
Franswa Divalye mouri, Janklod Divalye monte. Menmsi rejim nan pa janm chanje, men konpozisyon moun k ap dirije li a te yon ti jan chanje. Nou konnen byen diferans la. Divalyeris pa Janklodis, Janklodis pa Divalyeris. Menm lè yo nan yon menm rejim, yo konn dozado. Michèl Benèt ak Lafontan pat janm ka monte yon bourik ade.
Lè gouvènman Ronal Rigann nan te koumanse fè presyon sou rejim nan pou liberasyon mache a ki mache ak demokrasi, Janklod, pou li te kapab jwenn lajan prete nan men ameriken ak Fon Monetè Entènasyonal, te fè apèl a kèk nèg konpetan ki etidye nan plizyè peyi etranje. Presyon te blije nèg sa yo repete mo demokrasi nan peyi a. Yo te sèlman repete li nan bouch, sa pa te genyen pyès suit. Mo demokrasi a te simen divisyon nan mitan moun nan rejim nan. Ansyen Divalyeris yo te santi enterè yo
menase. Chire pit tribòbabò. Sa ki te afebli anpil rejim nan. Kòm pèp la te profite sikonstans lanmò ti jèn elèv yo ki te tonbe anba bal lame dayiti pou yo pran lari rele anmwe aba diktati, rejim nan te tonbe le 7 fevriye 1986. Men divizyon an te toujou la nan sen pèp la. Petèt se sa ki pote Janklod di lè li t ap pati, mwen kite yon sigarèt limen nan de bout pou nou. Se pa sèlman yon sigarèt, se yon gwo bwa dife limen nan de bout.
Kòm ansyen divalyeris tap goumen pou retounen sou pouvwa, boujwazi, klas mwayèn, proletarya ak loupenm proletarya te fè yon sèl toutotou lidè Jan Bètran Aristid anba banyè yon sèl pati politik ki se Lavalas pou bare makout yo. Divisyon te mete pye nan sen Lavalas. Anpil moun ki tap apiye lavalas te konsevwa pouvwa kòm yon tranplen pou reyisit pèsonèl. Yonn nan rezon ki fè Aristid te di : mwen pito echwe ak pèp tan pou mwen reyisi san pèp. Divisyon te fè Lavalas eklate. Twòp konfli enterè. Se konsa lavalas vin divize an
1)OPL
2) Pati Louvri Baryè
3) Fanmi Lavalas, san kote lòt gwoup ki fè lòt wout.
Olyeke Aristid chèche mwayen pou rezoud kesyon divizyon k ap pete fyèl lavalas la, li pral mize sou mas pèp la ki te vote li pou li gouvène. Fòs popilè preske fèmen djòl tout opozisyon ki ta vle boujonnen. Aristid pral vini ak yon diskou ki chita sou konfli pèp/boujwa. Kè boujwazi ayisèn nan sote. Yo pa vle kolabore avèk gouvènman an. Gouvènman meriken bloke tout èd. Nan dezyèm manda Aristid la, non sèlman yo bloke èd, men yo bloke tou menm prè [NDLR: kout ponya]. Aristid vin ap mennen yon batay pou lamas san pyès mwayen ekonomik. Toujou menm problèm la depi lontan : volonte yon bò, kapasite yon lòt
bò. Tèt pèp la nan men Aristid, vant pèp la nan men boujwazi a.
Kòm konklizyon mwen ta renmen fè tout ayisyen reyalize sa listwa
revele: Nan yon peyi,
1)pwogrè ekonomik pa fèt san boujwazi
2) demokrasi pa fèt san lamas.
E yonn gen rapò ak lòt. Lè n a ka konsilye nesesite ak libète, lajan
ak volonte, ekonomi ak demokrasi, mwayen ak fen, se lè sa a n ap
debouche sou yon nasyon tout bon. Premye pa a se dyalòg.
Edner Saint-Amour
-------------------------------------------
Sous: Jounal Kreyòl Ayisyen (JKA) - Volim 1, nimewo 4, Janvye 2003 ki disponib sou entènèt la nan lakou Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen (REKA)
WWW.KREYOL.ORG