Bonjou Zanmi,
Mèsi anpil pou bèl tèks sa a ou pibliye pou nou. Nou bezwen ti bagay sa yo pi souvan.
Mwen retni nan tèks sa a: DIFERANS PA TOUJOU VLE DIVIZYON.
O mwen kontan ti fraz sa a anpli paske mwen kwè se youn nan pigwo problèm ti peyi nou an. Depi lòt la pa panse menm jan ake nou, nou ta vle pilonnen li, maspinen li.
Mwen ta renmen pwofite de debi ane 2003 pou mwen envite tout konpatriyòt de bòn volonte apran respekte lòt la menm lè li pa panse menm jan avèk li. Olye nou pran sa fè divizyon, an nou fè li tounen konpleman ak adisyon pou nou vanse. Fransè a di: DU CHOC DES IDEES, JAILLIT LA LUMIERE!
Mezanmi, ta gen lespwa wi pou ti peyi nou an... An nou wè si kè a va manyè chanje. Si kè ya pa bon, panse yo pa ka bon nonplis, e kipizè, aksyon yo pap bon pirèd. JOUMOU PAP JANM DONNEN KALBAS!
Mwen envite tout moun ki gen privilèj vizite haitiwebs pou yo ta li tèks sou levanjil yo mwen pibliye yo. Gen pwizans nan levanjil Jezikri ya. Lika chanje lavinou, mwen se youn egzanp vivan.
Menm si youn moun pata dakò ake'm, mezanmi mwen pagen pwoblèm ditou. Pa janm gen de (2) moun ki fèt menm jan, se dwa youn moun pou li pa dakò ake'm. Men, an nou pa fè sa kreye divizyon, an nou vanse pito! KOUD AK KOUD, ZEPOL AK ZEPOL!
Mwen renmen nou tout!
BFK