Nan yon emisyon radyofonik ki trè popilè nan Miami,kronikè Carl Fombrun deklare:
"Esklavaj la ras nwa te fèt deja nan peyi Pòtigal,ak peyi Lespay ki te yon fwa sou dominasyon MÒW yo,yon ras Arab".
Alòs mr Fombrun nèg nwa an Espay ak Pòtigal te fè pròp tèt yo esklav,paske pami moun ki te kolonize zòn sa a te gen Arab,te gen anpil nèg nwa tou.De nèg ki te pi nwa pase nenpòt sila yo ke w ap jwenn jodi an,nan Site Solèy.
Ou paka di tou ke Mòw yo se te Arab.Men sa gran istoryan yo rele WAYNE B. CHANDLER di a propo de tèm mòw an (Moors).
Se nan liv ki rele "The Moor:Light of Europe's Dark Age"
"Although the term Moor has been put to diverse use,its roots are still traceable.Circa 46 B.C ,the Roman army entered West Africa where they encountered black Africans which they called "Maures " from the Greek adjective mauros ,meaning dark or black"
Mr Fombrun mwen gen istwa konkèt zansèt nou yo nan Afrik de Lwès te fè de Lespay ak Pòtigal.
Istoryen tankou Wayne B. Chandler ak istoryen angle Basil Davidson relate konkèt ak okipasyon Lespay ak Pòtigal pandan 7 syèk,ak anpil anpil detay.
Okipasyon Almohavid yo,ki te sòti nan zòn Senegal ,Mali,ak zòn rivyè Nijè an.
Si w vle,mwen gen dwa fè yon rezime de sa.
Pou m fini ,kite m relate yon konvèsasyon ke Randall Robinson te gen ak Fidel Castro.
Randall Robinson di Fidel di l.Kite m parafraze.
"Monchè Randall ,sa k di m mwen pa gen san Afriken nan venn mwen.Apre tou zansèt ou yo nan Afrik de Lwès yo,te okipe Lespay pandan 7 syèk;e se an Espay ke zansèt pa m yo te sòti"
Ann rete la.
AN DEGI.
Li lè pou ayisyen konprann ke istwa nou pa t kòmanse ak arive nou sou zile Hiapaniola a.
Ti Ewopeyen ap etidye istwa La Grèce ak Rome.Nou menm menm se menm istwa a n ap etidye.
Kòman pou anpil nan nou pa konprann ke sivilizasyon Ewopeyen yo siperyè a pa nou an?