Onè konpatriyòt,
Pandan OEA ap ede nou gaspiye tout enèji nasyon an nan simagri negosiyasyon ralba, kisa nou remake k ap pase?
Men 2004 rive sou nou epi tout mouvman, tout enstitisyon, tout sektè fann miyèt moso. Nou kwè se yon koensidans?
Pou di se pa paske noumenm Ayisyen nou toujou aksepte jere "l'urgence telle que définie par autrui"?
Vwalatilpa, jounen jodi a, lòt nèg nwa toupatou sou planèt la, menm kèk blan franse ki gen konsyans, pi enterese fòse Lafrans deremete dividal lò li te vòlò nan men pèp Ayisyen an (Durban, Barbados etc...) ke pwòp eleman ki swadizan "entèlektyèl" sosyete nou an? alewè
www.aa2004.org. Kanta pou patisipasyon Ayiti nan mouvman global pou REPARASYON an menm, se bliye sa. Ayisyen twò okipe ap make pa an plas nan reyinyon Hotel Montana pou diskite de "kriz". Ki kriz? Kriz fo mamit ke OEA deklare kòm priyorite nimewo 1 - selon enterè blan Meriken, blan Kanadyen, blan Franse.
Koze deremete 21 milya ke Lafrans vòlò nan men Ayiti (sòti 1825 rive 1922) a, se yon bagay ki klè kon dlo kòk. Si se jounen jodi a, yon prezidan Ayisyen reyisi soulve koze sa a ofisyèlman, se paske edikasyon "kolonize" nou te resevwa nan men "Frères de l'Instruction Chrétienne" yo, te bannou yon dividal jenerasyon zonbi ki toujou konfonn enterè yo ak enterè blan franse. Anpil "lidè" politik ak "entèlektyèl" nou yo soufri yon kriz idantite. Yo aji tankou "franse nwa", jan Frantz Fanon esplike nan liv li a "Peau noire, masques blancs".
Mezanmi, mwen rete kwè nou gen yon kriz reyèl nan sosyete nou an. Men, se pa fo kriz ke sektè reyaksyonè yo ap alimante a, se yon kriz vizyon. Vizyon ki pou ede nou priyorize aksyon nou anfavè NASYON an - 10 milyon Ayisyen vivan(8 anndan, 2 deyò) epi plizyè milyon jenerasyon k ap vini yo.
Nan moman aktyèl la, Ayisyen pa ta dwe ap gaspiye enèji nan alimante konfli ant yon gouvènman ki monte opouvwa nan eleksyon epi yon opozisyon ki klèman sou lobidyans IRI ak lòt gwoup ekstrèm dwat reyaksyonè. Ant laprès epi gouvènman an, ant ONG epi gouvènman an.
Gen yon tan pou chak bagay. Gouvènman aktyèl la chaje ak defo. Si nou gade jan li jere dosye Lajistis la, dosye Privatizasyon an, menm dosye selebrasyon bisantnè revolisyon anti-esklavajis lan, nou kapab di nou pa satisfè.
Mèzalò ! Fòk nou monte pi wo pou nou gade kote nou sòti epi kote nou vle ale anvan nou kouri ap voye kout wòch nan tout direksyon kont li.
Daprè mwenmenm, se erè fondamantal sa a ke anpil nèg nan sektè pwogresis lan kontinye ap komèt.
Paregzanp: Dosye Lame D Ayiti a
Jiskaprezan gouvènman aktyèl la poko janm pran inisyativ ki pou asire li ke lame kraze zo a pap janm retounen sou moun ankò. Lwa poko janm pase pou regle sa. Annatandan, detanzantan nou wè sektè Ozetazini ki te toujou konn sèvi ak Lame sa a pou li mete osnon desann diktatè lè li vle nan peyi nou, ap bay siyon ke vizyon li se retounen ak lame sa a ankò. Alewè Washington Post, 2 fevriye 2001 ak L'Actualité 15 mas 2003.
Nan kontèks goumen pou Ayiti vin genyen yon sosyete k ap evolye sou baz demokratik tout bon vre, retou lame a se pi gwo danje ki pandye sou tèt nou.
1) paske depi Pòtoprens gen 3 tank, ou mèt sote ponpe koudeta ap kontinye fèt detanzantan. Paske Jeneral Lame sa a ap toujou sou lobidyans Etazini ki ap founi yo zam, ekipman, antrenman elatriye. E Sa pa nan anjannda Etazini pou eskanp sosyete nou an chanje (Ni klas k ap dirije biznis Etazini an, ni klas k ap dirije biznis Domikani an, ni klas k ap dirije biznis Ayiti an, pa bezwen chanje eskanp fondamantal APARTHEID makiye k ap boloze nan peyi nou an).
2) paske lame reprezante yon tantasyon ki twò fò pou nèg ki gen anbisyon prezidan sèvi ak li pou yo - fè yon kou - sou chèz boure a.
Kidonk, kanmarad, men poukisa, mwen kwè refleksyon sou 200 zan nasyon an dwe fikse sou kèk kesyon fondamantal - olye de chirepit atifisyèl ke yo vle okipe lespri n ak yo sètansi yo.
Kesyon Fondamantal:
1) Pouvwa Majoritè Demokratik - ap vin enposib si Lame retounen sou moun ankò
2) Si Tradisyon Chanjman Pouvwa San Vyolans lan koupe (7 fevriye 1995, 7 fevriye 2001), n ap fè yon bak ki difisil anpil pou nou rekipere.
3)Priyorite moman an, se refize lojik gaspiye tan ak enèji nasyon an nan negosiyasyon pèlentèt ke OEA ap mennen yo - epi ede nasyon an fokis sou sa ki enpòtan tout bon vre pou lavni li.
4)Ayiti bezwen gwo envestisman pou enfrastrikti - (envestisman ki p at janm fèt, ni sou tan lakoloni, ni sou lokipasyon, ni alepòk dikdati militè yo). Envestisman sa yo pa p janm rive fèt toutotan Ayisyen kontinye ede blan yo kenbe nou nan fo kriz tout lasentjounen.
Eskize mwen se mesaj sa twò long. Men, vye fanmi m yo, mwen kwè li vo lapenn pou nou tanmen diskisyon nan sans sa a.
respè,
Jafrikayiti
«Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!»
http://www.i-port.net/sd-in-j/