Amor ékri:
Se role leader polititique yo pou yo goumen pou sa ki pi faible yo. pou poter assistance a sa ki nan le besoin de tel sorte ke yo ka we yon vie meilleur. min denyro mon cher, l'istwa prouver deja pa gen okin systeme politique minm nan yon societe ki bien organiser, ki bien planifier, kote la lwa respecter ki ka pourvoir bien etre pou tout moun en general
Men sam réponn nan ti egzamen sa-a






Mwen pran lé Danmak épi mwen métel koté Ayiti poum éséyé konprann bien sa nap palé la-a, épim mandé tèt mwen pou ki sa Lé Danmak bien oganizé épi Ayiti pa bien oganizé?Nan péyi lé Danmak pèson pa nan la ri ap mandé ni pèson pap mouri grangou.Tout moun tèt anlè , gwo salè, manjé, bwè, fè fèt an libèté. Mwen té chwazi lé Danmak men mwen ta ka di LaSièd, LaNovej Lisland La Finland.Péyi sa yo pa genyen pakèt riches Vénéziéla genyen kom minrè ak pétrol ni pa gen klémans atmosphérik Vénéziéla genyen ni pakèt tè ké Vénéziéla genyen pou ka fè sa yo vlé, poutan lè'w nan péyi eskandinav sa yo tout moun ap maché tèt anlè , pa gen yon sel mandian nan la ri sof si sé yon moun fou, menm klocha ak moun fou gen dinyité é jwenn sa yo bézwen pou yo ka viv chak jou. Priorité Léta sé bienèt moun kelké swa moun nan. Kél gen anpil bien kél pa gen anpil bien. Vénéziéla menm ou rivé épi'w wè la gen dé vwati tankou Porsche, Ferrari, Rolls Royce, tout vwati dé liks ou konnen ki egzisté nan lé mond, yo paké dévan kay nan Altamira , fèt ap fèt tankou an Frans tankou Ozétazini épi la Polis nan la ri-a ap sivéyé katié moun sa yo vendkat sou vendkat. Pa mandé bondié yon moun ki pa rété nan zonn nan al pèdi nan zonn sa-a. Intimidasion ak imiliasion kont pou touyél, li ka pran anpil kou tankou yo bay kou an Ayiti. Pou ki sa? Mwen vizité koté sa yo poum konprann lakay, poum konprann sa nap di la-a. Mwen di nou ké tout est à faire. Nou mèt kwèm. Je suis allé, j'ai vu j'ai compris.

Men ki jan pou nou ka lévé nivo la vi tout ayisien tankou mwen wè yo fè an Eskandinavi? kouman pou nou fè pou nou pa répété sa mwen wè kap pasé nan Vénéziéla ak Brézil? Kouman pou nou fè pou nou pa tonbé nan anbago tankou anbago yo bay Kiba-a?
Répons mwen: Yon lidership ak yon gouvenman moun ki wè é ki kapab mété moun an avan san yo pa tonbé nan vand drog ni san yo pa tonbé nan provokasion doktrinal ki pasé mod.Yon lidèship ki ka pran sak bon tout koté épi jété tout sa ki pa bon kap toupizi pèp la ak péyi-a, nasion-an. Moun sipozé dévan nan tout bagay. Paské nasion-an sé pa afè dé palé fransè ak éleksion pou yon gouvenman pran'l épil pran'l net li yé, men sé moun vivan kap viv é ki dwé asiré rénouvelman résous pou fè péyi-a al pi lwen. Sé pa yon bagay yo fè ak yon gouvenman pou sink ané sé yon bagay ké Léta dwé asiré men ké gouvenman dwé établi politik pou administré pou bonn mach Léta ak tout résous li é pou lé mié. Sé yon pwojè à lon tèm.
Mèsi anpil