Amor ékri:
"lè fini se pa chita nan pays etranger lefini, claim haiti pat janm pi bon non, fe tankou roger anglade al andeyo a. poser kesyon, lefini nan compiler statistic nou na join resultat. nap parler de haiti min nou selman gen argument subjectif nou san yon reliable proof. suspann plin moun ap bluff. pito lavalas fe effort pou remet pays a jan li te join li ya"
Mwen menm mwen répond ak ti komantè sa yo:






Amor sé vré sa'w di la-a. Pou nou modènizé Ayiti nou pa ka aproché pwoblem yo subjektivman fok nou apwoché yo siantifikman ak métod ki ka pèmèt nou korijé , testé, rektifié, ajisté, diminié ogmanté. Fok réchech ka fèt pou nou ka konparé doné yo anvan nou koupé twal la pou nou abyié Ayiti dé la tèt opié, fok nou fè yon chekup tou pou Ayiti pou nou ka préparé médikaman ak vitamin pou li anvan li ka rentré nan la vi aktiv ou bien nan konpétision. Nou pa ka mété moribon nan konpétision sa yo . sé yon olympik sérié ki yon olympik ki pral long anpil, Ayiti bézwen moun ki an santé ak moun ki ka poté "sang neuf". Ayiti bézwen bon entrénè, bon "Coach" bon asistans teknik. Pa gen modernizasion san teknik. Modènizasion bien fèt, bien pansé pral lévé nivo vi popilasion Ayiti-a tankou yon gwo ékip favori, yon ékip "gagnante". Ayiti tou bézwen anpil entrenman. Lé sibjektif, lémosionel é lé copycat ap fè ayiti désann pi ba toujou, lap ipotéké avni péyi-a.Pèfomans kounyè-a sé pa ak la priè ak diri ak pwa yo fè sa sé ak teknik ,talan, antrenman ak bon atlèt an santé. Fok sé yon "coupe sur mesure" nou bay péyi-a

Mèsi anpil