Onè kanmarad,
Mwen sipoze nou tout okouran gen yon emisyon spesyal aswè a osijè larèn Nefertiti sou kanal discovery.
Gen yon akeyològ ki sèmante li jwenn kadav momifye larèn nan. Men, sa vin louvri yon ansyen deba osijè orijin ansyen Ejipsyen yo...menmsi depi kèk ane deba sa a sanble fini ak laviktwa gwoup moun ki te toujou di se nan zantray Lafrik wayom farawonik yo te toujou sòti. Se pa moun vini yo ye.
Gade kouman yo fè rekonstriksyon figi Nefertiti...si sete nan tan lontan yo ta fè l sanble ak Madonna...men alèkile lafimen laverite pa kite yo kofre l ankò.
http://dsc.discovery.com/convergence...face/face.html
Nan yon lòt lekòl yon Ayiti remanbre...timoun nou yo va gen chans rekonèt tèt yo, lè y ap gade pòtre Nefertiti, Tiye, Akhenaton, Chabaka, Taharka, Tutankhamun, Aha, elatriye...
Lè yo wè teknoloji ak gwo kalkil matematik, bouch yo pap chape pou yo di "blan oo!", okontrè yo va konprann ekzakteman, lepoukwa ak lekòman pèp yo a - ki te gen sivilizasyon ki pi avanse sou latè te vin pèdi pye...epi ki jan li te demele l jouk li leve ankò pou li reprann chimen pouvwa ak lakonesans ki itilize pou sa ki byen.
Bilolo pou Nefertiti ! KONSA TOU, demen, se TOUT limanite KI va aprann di bilolo pou larèn Timafi !
Sa se konba lavi nou, vizyon lavni nou !
respè,