Tim-Tim...
Istwa sa a se istwa sis (6) jenn gason ki te mouri. Ladan yo, m kwè te gen 2 ameriken, 2 kanadyen ak 2 ayisyen. Se nan radyo ki rele "radyo dyòl pèlè a" mwen aprann non chak moun yo, alò... lè m fin mete rakonte nou m a di nou non yo si m sonje.

Lò jenn mesye sa yo parèt devan Granmèt la, li di yo, e m ap repete mo pou mo: "Mesye nou vrèman jèn e m rann mwen kont ke nou te ka rete sou tè a toujou. Mwen deside voye nou tounen alò kisa nou panse?" Mesye yo menm reponn, e m ap repete: "Nou t a tèlman kontan retounen fè yon ti tan ankò sou tè a". Granmèt la di bon, pa gen pwoblèm, m ap fè sa tankou nou deside a. Yo tèlman anvi retounen ke yo pran rout pou ale san yo pa ankò resevwa lòd pou sa. Granmèt la nan konpasyon l di mesye, mwen pa t a renmen voye nou retounen ak men nou vid. Vini kote m youn aprè lòt epi nan lòd alfabetik nasyononalite nou. M ap bay moun ki vini an premye a sa li va mande m epi lòt moun lan pa bezwen menm mande m, m ap ba l ledoub sa m bay premye a ki gen menm nasyonalite ak li a. Kòm se nan lòd alfabetik, se ameriken yo ki te dwe ale an premye. Yo deside nan pami yo a, kilès k ap ale an premye epi yon jwenn yon antant, youn nan yo a ale. Li rive, li mande Granmèt la pou fè l vin Prezidan nan peyi l. Granmèt la menm di lòt la, ou pa bezwen vini paske premye a mande m pou l prezidan, kidonk, m ap ba l yon manda epi ou menm m ap ba w 2 manda. Alò, daprè lòd alfabetik la, se kanadyen yo dwe prezante (Mwen sipoze nou konprann poukisa se yo ki te dwe ale an dezyèm paske menm si nan lang kreyòl la nou ekri non yo ak lèt K men se ak lèt C li ekri nan lang franse oubyen angle). Yo menm, yo fè yon tiraj osò pou yo jwenn kilèes ki pou ale an premye. San okenn pwoblèm, nèg tiraj osò a bay ki pou ale an premye ale san difikilte. Lò l rive, li mande pou Bon Dye ba l yon gran endistri pou fabrike papye. Granmèt la di lòt kanadyen ou pa menm bezwen mande m, ou gen de gran endistri. Kas tèt la kou n ye a kòmanse piske se tou pa ayisyen yo pou yo prezante. Gen youn ladan yo ki di pou yo fè eleksyon pou wè kilès ki pou ale an premye, lòt la di li pa kesyon. Diskisyon mete pye e yon sèl nan yo pa deside ale an premye. Kòm kanadyen ak ameriken yo pa t twò lwen, yo di mesye pa gen rezon pou n ap goumen, fè yon tiraj osò tankou nou epi n ap deside kilès ki pou ale anvan. Youn dakò lòt la di pa kesyon. Sitiyasyon an bloke sa w tande a. Granmèt la menm kòmanse depasyante epi nèg yo menm ap goumen. Ameriken ak kanadyen yo deside pou yo fè medyasyon epi voye komisyon sou komisyon al diskite ak nèg yo. Aaa chiyaw! Bon, bout a bout, goumen mete pye. Mesye yo pase prèske yon jounen y ap goumen (m kwè nou konprann ke yon jou se tankou mil an pou Granmèt la, alò nou sipoze konprann kisa yon bout jounen t a ka vle di anwo a). Finalman, gen youn ladan yo ki kilbite lòt la epi vaw, li devan Granmèt la. Granmoun lan di pitit mwen, ki sa w mande? Li pran plis pase swasant minit ap reflechi, li pa ka di sa l vle. Poukisa? Sèlman paske nenpòt sa l mande a, lòt konpatriyòt li a ap jwenn li de fwa lavalè. Granmèt la di monchè, mwen gen lòt bagay pou m regle, fòk ou degaje w di m sa w vle. Anfen li gadeeeee epi li di... pa sezi non! li di.... mwen di w piga w sezi! Alò ou menm, imajine kisa w te ka mande. Kisa w panse li te ka mande? Ok m ap di w ki sa l mande Granmèt la. Li di Papa Bon Dye, m t a renmen ou pete yon grenn je nan tèt mwen. La menm, granmoun lan rele lòt kanmarad la li di l ou pa menm bezwen vini non. M ap pete 2 grenn je pa w yo.

Pwovèb la di "lenj sal lave pa lafanmiy" mwen pa panse li twò bon pou m te ekri istwa sa a nan yon lang etranje te ka konprann. Mwen ekri l nan lang pa nou. Konbyen nan nou ki li istwa trajik sa a sou konpòtman ayisyen an ki fè meya koulpa l? Konbyen nan nou ki t ap fè menm demand sa a?hw5