
06-28-05, 01:28 AM
|
| Senior Discount Member | |
Posts: 73
| |
Mot d'ord-la pa change:NOU PA NAN ELECTION Strategy-ya pa change: SANS VIOLENCE Sou election 2005 yo De 1987 a nos jours, Haiti fe you ban-n ak you paket election.Le ce pa election ki fini nan sang, ce election magouy. Election 90 yo te bien especial:Magouy la fet you lot jan nan interet la gauche.La presse voye monte ge femin you sel kandida;pep-la pa te gin lot choix douvan li.Ce te deja you krim; et sa yo fe ak pouvoi pandan 14 ans ce you pi gro krim. De 87 a nos jours, anpil milion depanse nan zafe election; et poutan pays-ya vini pi mal pired. zot di: "Election, ce you passaj oblije".Ce pa pou la premiere fois nou tande kantik cila. Konbien fwa pou nou passe nan passaj oblige sa anvan pou Haiti cherie jwinn la guerison? Election nan pays d'Haiti de 87 a nos jours,ce toujou you la forme, you magouy kote cila ki plus fort toujou pran pouvoi. Le ce la droite ki plus fort, li pran pouvoi li (sonje election Manigat). Le ce la gauche, li pran pouvoi li (sonje Aristide 90-Aristide 2000). En 2005, ni la droite ni la gauche pa vo you priz tabac nan jwet la. Ce zot ki tout puissant. Zot massakre, humilie l'armee indigene, revue, augmentee et corrigee pou li demoralize la nation, pou li pa jwinn rezistans organize kont remed chwal li vle pou neg d'haiti bwe. Et pi mot-election, ce you drog li ye.Li vire loloj anpil ti neg ki we pouvoi anvan pays. Election2005, ce election pou kiles ki ka fe pi bon tyoul. Ce election kont l'Armee d'Haiti..Pou Haiti toujou rete nan eta you zonbi dessounin. Mouvman 5R pa nan election. Nou mande l'armee indigene, revue, augmentee et corrigee pou pa danse kole ak election 2005 yo. nou mande population yo tou patou pou boude eleksion 2005 yo. Ce ta you trahison kont la nation, kont Dessalines ak Toussaint ak tout lot zanset nou yo ki te reve you Haiti plus forte, plus belle. Ce ta you trahison kont Komandan Ravix ak tout lot gasson van-yan ki mouri yo ak bel rev sa. Pin-ga nou trahi freres d'armes nou yo ki enchaine nan lopital general kom si ce yo ki reskonsab "Operation Bagdad" ak Zak Kidnaping nan pays-ya. L'armee indigene, revue, augmentee et corrigee pa dwe trayi Louis Joseph,Occidental Fritzner,Wilner Jean-Baptiste,Metyl Jeune, Adrien Dorvilien,Desamo Joseph ak Origene Joseph ki enchaine nan lopital general. Nou pa dwe trayi 29 lot militaires yo ki femin nan prizon zot parmi lesquels Michel Alophene,Marc Adolphe Sylvain et Clement Etienne Mathurin. Attention:Gin-yin diferans ant PA NAN ELECTION et KONT ELECTION. PA NAN ELECTION vle di nou pa nan violence, nou pa nan fe intimidation kont lot secteur. Pa nan election vle di nou gin dwa utilize tout moyen pacifik pou fe population an komprann li dwe kanpe loin election2005 yo.(ANvan lontan, nap pote details). An nou bay Zot you bel lesson san violans... An nou rive reve An nou reve rive Pou zot aprann respekte neg ak neguess d'Haiti. MOUVEMENT 5R | |