Atansyon! Atensyon!
Ce kanpay la ki komanse!
Li louvri pou sa ki kwe grinn aspirin eleksyon-okipasyon kapab gueri
malad-la.
Li louvri tou pou nou ki pa gin la fwa nan maskarad kap jwe la.
Nou pa kwe ..nou pa kwe...nou pa kwe.
1)Eleksyon , ce ezpresyon you pep ki souvrin.
Okipasyon,ce expresyon you pissans etranje sou you pep ki pedi dwa
gran mounn li. Ki sans eleksyon gin-yin nan pays ki sou lokipasyon?
2)Eleksyon 2005 yo koute 65 millions dola merikin.Leta ayisyin pa minm
depanse you milion.Ki donk,kote lajan sa soti? Nan la kwa rouj? Nan
legliz kap fe la charite? Nan fondasyon prive kapfe zev imanite?
Lajan sa sorti nan posh aganman? Si ce kob zot,ce eleksyon zot! Le ya
poko rive pou gin eleksyon en Haiti.
3)Konstitisyon 87-la ,ce you cigaret ki limin nan 2 bout.Pa gin-yin
gouvenman serye ki kapab travay avek li. Kelkeswa moun ou ye, ou
kondane pou ou echwe anba konstitisyon sa.
4) De 87 a nos jours, ampildola gaspiye nan koze eleksyon.Haiti vini
pi mal pired.Min nou pralgaspiye ankor 65 millions dola nan you pays
kote pep la pa ka manje.
Ce pou tout rezon sa yo,nou mande pep la pou kanpe lwin eleksyon sa yo.
An nou touye la wont
Pou lawont pa touye nou!
Ce pou nou fe kanpay la toupatou kont eleksyon sa yo.
Nou koupab si nou rete an silans.
MOUVEMENT 5R
5rgroup@yahoogroups.com