
11-28-05, 02:53 AM
|
| Senior Discount Member | |
Posts: 73
| |
 Subject:Rale chez anba bouda yo      Mezanmi, larouze taye banda
toutotan soley pa leve.
Neg van-yan, Fanm van-yan
Le ya rive pou nou rale chez
anba bounda tout sa yo
ki vini pale nou de eleksyon.
Aba Valdez-Aba minista
Aba eleksyon-okipasyon.
Ekri sa sou tout miray potoprins,
sou tout poto elektrik Jakmel
depi miragwan jouk gonayiv
depi wanamint jouk Pilbowo.
Aba Valdez-Aba minista
Aba eleksyon-okipasyon.
Ce you gazet pou-n kloure
sou tout pyebwa nan Mapou sou tout Foredepin.
Se you trak pou nou simin
nan tout mache riral Grandans
sou tout wout Leogan-Difo.
Aba Valdez-Aba minista
Aba eleksyon-okipasyon.
Na fe ti kannot papye ak li
pou ti moun jwe
nan tout Letan Somat.
Na vlope pwev ak li
pou kwizinye ki jwinn-li
konn sa ki nan tyo machann kenkay.
Aba Valdez-aba minista
Aba eleksyon-okipasyon
zot poko janm kon-nin
kiles yo rele nou.
Nou fe kat nou paske
li rele "wa bezwin".
Min ale vote, ce bliye sa.
Si nou rive fe sa konsa-
et nou kapab fe sa-
Ce premye souflet nou fout zot
sou chimin liberasyon pays dayiti.
Min si nou kite zot fe sa li vle ak pays-ya,
Ce pitit nou ak pitit-pitit nou ki pral soufri 10fwa plis
pou 50 ans ki va vini yo.     En nou rive reve/ En nou reve rive/ Pou Haiti bouke drive!
An nou touye la ront
Pou la ront pa touye nou! Sel fos nou, ce pep-la/ Sel pep-la, ce fos nou!
(Nou prete langay felix-Morisseau Leroy,nationalis haitien) MOUVMAN 5R N.B. Voye teks la bay chak militer haitien,chak peyizan ki pa ka travay,chak bel negues kreyol kap monte you maswife anba kidnaper,chak fanmi ki pa ka manje,chak ouvriye ki we ce zot nan peyi mexico ak Sain doming kap fe travay ki te dwe fet nan peyi dayiti,chak elev lekol ki pa we kouman demin pral miyor, chak malere ak malerez ki bouke bat dlo pou fe ber, ki bouke fe san soti nan roch, chak fanmi, chak zanmi ki pa ka konnin si li ap we demin. Nou pap vote ni ak min ni ak pye.Selman gri-yin li ba yo! MOUVMAN 5R http://groups.yahoo.com/group/5rgroup/join | |