Men regret wè ke w poko gen kapasite pou fè diferans ant jounalis ak neg k'ap defann 1 goud kay politisyen.
Diskou sa m plis tande l kay fanatik lavalas yo yo toujou rann lapres reponsab de pouvwa yo voye.
M'ap reprann sa Maeva di a :
Quote:
|
Yon jounalis se yon glas ki reflete egzakteman yon sitiyasyon, espesylman sitiyasyon politik. Le ou leve le maten ou gade nan glas ou we bokye bo bouch ou avek lasi nan je w eske ou kraze glas la? non ou ale lave figi w, ou brose bouch ou. se menm jan chak fwa jounalis aysyen enfome moun de sa kap pase an ayiti li pa merite lanmo. Pi bon bagay pou politisyen an fe se eseye chanje sitiyasyon an. Sispann tuye jounalis an ayiti sa yo di se sa yo we.
|
Quote:
|
Originally Posted by ania mwen pa di tuye yo non ni maltraite yo yo gen dwa pou yo pale
men jounalis nou yo genyen trop pati prix yo pa di jan bagay la pase vre yo ba nou trop manti |