Quote:
|
Originally Posted by mezanmi
Sorry but what makes Serge Gilles an exeption here?
Rafrechi memwa m de li souple.
|
Sej Jil se yon Ayisyen konsekan ki fe de 1961 a 1986 an egzil, dabo kom etidyan, apre kom militan ki te toujou panse e travay pou peyil. Li pase yon bann gwo pos, li te reponsab gwo oganizasyon kominote leta Franse te ba li jere. Lijwenn anpil opotinite, men li pa janm sispann Ayisyen.
Se moun Plato Santral, peyi manmanm, yon zon ki bay anpil Ayisyen konsekan. (tankou tot lot kote, li bay grenn senk tou!)
Li tre byen prepare, e li gen eksperyans pou li bay Ayiti bon jan jaret. Malerezman, kom anpil moun ki viv an Frans, ki fe kilt pesonalite tet-li, se sa ki bali maladi
prezidantit-la.
Li pa gen karism ase poul ta reyisi sote rote sa-a san pase pa lot shemen.
Pou mwen menm, misye ta fe yon bon Minis Afe Etranje, men yon bon Premye Minis. Men tet li gen le two gonfle, sa anpeshel we kle.
www.pfsdh.org