Patisipasyon Belo nan konkou RFI a: yon fyète pou
lang kreyòl la
Yon lanp limen pa ka kache. E Belo se yon ekzanp konsa. Ak chan kreyòl li yo, li rive pote kilti pèp ayisyen an wo nan nivo entènasyonal la. Kèk jou anvan fèt jounen entènasyonal lang kreyòl la, 28 oktòb 2006, Belo soti yonn nan twa finalis konkou découverte RFI musique du monde 2006 la ki te gen ladan li 276 patisipan. Gwo avantaj sa a se rezilta òganizasyon sentaksik ak semantik tèks li yo.
Nan ane 2006 sa a Jean Bélony MURAT yo pi konnen sou non Belo vin popilè anpil an Ayiti tankou lòtbò dlo. Yo jwe mizik li yo anpil non sèlman nan divès medya kreyolofòn ak frankofòn men tou, sou kèk sit entènèt. Se konsa ou kapab jwenn sou sit entènèt
www.francodiff.org mizik Belo yo ak tout enfòmasyon ki konsène l.
« Final konkou a ap fèt Dwala, Kamewoun an Afrik 16 novanm 2006. M'ap gen 30 minit pou m'chante kèk nan tèks kreyòl mwen yo... ». Se sa Belo deklare nan emisyon Jeunes au pluriel sou radyo Vasco. Nan kad konkou sa a Radyo Frans Entènasyonal òganize sou non Jeune découverte RFI 2006 la atis Belo gen pou li kanpe an fas de lòt atis: Lang'i, yon Kongolè ak Patrick Ruffino, yon Beninwa. Si Belo loreya, nan ka sa a konkou 'découverte RFI musique du monde 2007 la ap òganize an Ayiti.


Tout bèl mèvèy sa yo Belo ap fè nan monn la pa gen anyen pou li wè ak fòm tèt li ou byen koulè li. Men se rezilta gwo travay li ap fè nan lang kreyòl la pandan li mete sou mache a yon albòm an kreyòl ki pote non Lakou trankil. Se rezilta tou, efò yon jèn inivèsitè ki pa gen sèvo bloke, ki konnen konsekans yon lang matènèl kòm kreyòl ka genyen sou sosyete l'ap viv la. Li chita, li reflechi epi ekri sou sitiyasyon peyi li pou li pote yon mesaj. Mesaj li pote avèk bon jan rit ak amoni. Lanmou, lapè, lagè, linyon, lavi, mizè, rekonesans, Bondye... : se kèk nan tèm otè Lakou trankil la chante. Se yon seri tèm ki gen anpil enterè pou chak grenn kretyen vivan sou tè sa a.
Yon ti analiz semyotik ta kapab fè nou byen konprann travay atis la nan kilti ayisyen an, paske la a nou pral konsidere tèks la kòm yon siy, yon blòk. Nou ap chita sou de aspè: sentaksik ak semantik.
Sentaksikman, nou konstate gen yon òganizasyon nan inite yo nan tèks Belo yo. Kontrèman ak yon pakèt lòt chantè, konpozitè ayisyen, li respekte sentaks kreyòl la nan tèks li yo. Nan Lakou trankil la ki se yonn nan tèks li yo moun pi tande, isit tankou lòtbò, nou jwenn pawòl sa yo : « ..Gade kijan lakou a kraze / Dwa moun yo pa respekte / Moralite pa ekziste.. ». kreyòl la kòm anpil lòt lang, gen yon fason mo yo ranje pou tèks la kapab gen sans. Si sentaks lang nan pa respekte, lè yon moun ap itilize li, moun nan mèt ekri yon gwo tèks, li p'ap gen sans. Kidonk se pèdi tan. Paske sentaks vle di lòd, òganizasyon nan yon lang.


Nan nivo semantik mo yo gen anpil fòs nan tèks Belo yo. Epi fò nou konnen mo nan yon diskou pa janm inosan. Yo itilize yo pou pwodui sans. Se sa ki fè lè ou ap pale ou di sa ou pa t' dwe di, ou ka mòde gwo pous ou aprè. Paske depi diskou a fin fèt, li pa pou ou ankò. Sa ou di a se li ki kenbe. Donk destinatè a ap entèprete li parapò ak reyalite li. Se sa ki fè tou nan pragmatik, nou aprann yo pa mete aksan sèlman sou sa ou di men sou fason ou di sa ou gen pou di a.
Lè nou pran toujou lakou trankil nou konstate li gen anpil sans. Bon jan estrikti, figi estil, konotasyon, valè melyoratif... : se sa ki fè tout sans tèks li yo.


Pou kòmanse tit albòm nan ki se tou tit yonn nan tèks yo, lakou trankil, sèlman se deja yon konotasyon. La a, lakou pa vle di kote oungan tabli peristil li. Se pito yon espas ki reprezante peyi Ayiti. Nou jwenn tou yon figi estilyon ki se konparezon : « Si ou vle gran kou elefan / Mete w piti tankou ti foumi.. ». Nan sans sa a tèks la pi touche moun nan paske yo pran yon imaj ki pi pre moun nan pou kominike avè li. Epi fò nou konnen nan semyotik, se pa ou ki pou di moun nan men sa ou te vle di, men se li menm menm ki pou dekode mesaj la epi entèprete li selon nivo konesans li ta kapab genyen ak reyalite ki nan anviwónman li. Si ou neglije reyalite moun ou ap chante pou li a, ou chita nan itilize gwo mo, mesaj ou a p'ap gen fòs. Yon pèp ki pa janm wè ni tande pale de avyon, lè ou ap kominike avè l se mo avyon ou itilize, diskou w la p'ap gen sans pou li. Se yonn nan rezon ki ta kapab fè moun damou lakou trankil.


Nan bèl mizik finalis konkou Jeune découverte RFI 2006 la ki se Lakou trankil, nou jwenn tèm tankou : lapè, lagè, lòd, dwa. moralite, chanjman... Tout se yon bann tèm ki makònen ak reyalite nou ap viv chak jou. La a se istwa chak grenn Ayisyen ak tout lòt pèp sou latè ki sanble ak nou Belo chante nan mizik sa a. Se sa ki fè moun yo santi se chan yo lakou trankil ye. Paske si ou ta fè yon etid antwopolengwistik, ou t'ap wè lang ak moun se degouden ak senkant kòb. Yonn pa mache san lòt. Si ou meprize lang ou se tèt ou ou meprize. Epitou, lang nan se sentèz tout aktivite sosyete a. Kidonk lè ou itilize li jan ou dwe itilize li, se moun nan menm ou touche.


Nou dwe konnen nan itilizasyon yon lang pa gen fè chèlbè. Ou dwe sèvi avè li pou tradui reyalite ou ap viv. Lengwis Andre Martinet di : « Lang nan se yon enstriman kominikasyon... ». Sa vle di yon enstriman, pou li bay bon jan rezilta, fòk ou byen itilize li, fòk ou konnen ki jan li fonksyone epi respekte règ ki pèmèt enstriman sa a fonksyone. Se konsa menm lang nan ye. Si ou fè tankou atis Belo ou ap kapab fè mèvèy tou. Men si ou pase tout prensip ki gen nan lang kreyòl la anba pye, nan fè chèlbè, nan itilize gwo mo san okenn moun pa rive konprann ki lang ou ap itilize, ebyen se atè a ou ap rete.
Tèks jèn atis inivèsitè a kapab genyen anpil fonksyon. Yo kapab sèvi zouti pou fè bon jan analiz literè nan nenpòt ki lekòl osnon nan inivèsite pou fè elèv ak etidyan reflechi. Paske se yon seri tèks ki rich semantikman epi ki respekte sentaks kreyòl la. Pwodiksyon literè Belo yo kapab sèvi tou pou sansibilize moun sou lanmou pou lapatri, lapè, linyon, tèt ansanm, fratènite, elatriye.
Jounen jodi a pawòl ki gen nan tèks Belo yo, natif natal kwadèboukè a, pa sèlman rive touche nou menm Ayisyen men prèske tout planèt tè a. 16 novanm 2006 l'ap gen 30 minit pou li leve Ayiti ak chan kreyòl li yo nan lakou kamewoun. Se li k'ap reprezante tout Amerik la kòm atis ak albòm kreyòl li a ki se Lakou trankil. Sa a se yon gwo pa nou make ak lang kreyòl la. Bravo BelO !!!!
Bartholy PIERRE LOUIS
Fakilte Lengwistik Aplike
plbartholy@yahoo.fr