Tout problem la se depan Ayiti depan trop sou Aide international.......si pat gin yon bank ki tap prete nou lajan 500 million sa yo ki ap kree plus depandans ki sa Ayiti tap fe......poum bien di, ou pa tande yo met ambago sou peyi ki independent pou tet li pap travay......
1er proposition (bond's pou ti bizniss)

pou letat Ayisien-a aranje yon program kote Ayisien kap viv en etranje yo kapab achter "treasury Bonds" nan min bank national Ayiti-a direct et bank la limim lap pran lajan sa-a pou li prete moun ki vle fe ti bizniss en Ayiti.....Moun bank la tap prete a se moun ki deja gin ti degaje yo min ki ta vle devlope bizniss la plis, ou lot moun ki gin ide pou bizniss sa depan de ki sa bank la mande yo.......Bank la tap prete kob la nam min Ayisien kap viv en etranger yo en dollar amerikain e remete yo li en goude nan 10, 15, 20 an sadepan de soukisa yo dako san interet ou yon interet ba.....benefis fou Ayisien kap viv en etranje yo.....si yo prete kob la kounye a $1=29 gourde nan le bank la remet yo ko la 29 gourde gin dwa vin = $3, $5, $10 dollar sa depan de jan ti bizniss yo pran.....rezon ki fem bay sejestion ti bizniss la se pou te mwen konin ti bizniss pouse ekonomi...gade ekonomi amerikain se ti bizniss ki te pouse li ti biniss-->moun manje-->Moun gin lanjan-->moun depanse-->ekonomi grandi.


2em Proposition-->
se pou govenman ta aranje yon jan pou Ayisien ki vle fe bizniss en Ayiti ta ka pab entreen komunikation avek Ayisien ki vle investi en bizniss en Ayiti....ouvenman ta ginyen pou li mete lwa en place ki pou proteje investement tou deux bo yo....
3em
gouvenman ta prete lajan (bonds again) nam min Ayisien kap viv lot bo dlo yo pou yo investi nan devlopman agriculture la....pou moun kap viv nan province yo gin dlo kouri....pou tet se pa cultive te ki tout problem la min se dlo yo pa ginyen a .....ki fe yo met secle te pou jouk do yo bouke anyen pa grandi pou tete pa gin yon bon sistem pou pran dlo lapli-a e distribue-l
Mesi pou tan nou....
Di mwen sa nou panse....
Eske youn nan proposition sa yo possible?
Si ou panse yo pa possible, di mwen ki sa ou panse ki fe yo pa possible?
Si ou we pa gin okin espwa pou yon nan plan sa yo di mwen yon plan ou panse ki ta kab travay pou Ayisien kap viv lot bo dlo a ede ekonomi Ayiti-a
Mesi Anko.
Ayisien pou Toujou