Erzuly ,
mwen pa vle akable avek kesyon, mwen vle diskite jan-ou te di a. Souple, pote yon ti limiè pou mwen sou post #31 an. Mwen kwe ke mwen kapab aprann de nimpôt ki moun.
Ou samble ou gen kapasité reflechi otan ke konnen. Mwen renouvlé demand mwen an:
Mesi Zili ou tout lôt moun ki ka répon-n mwen sou "post" sila :
Post #31
1-fidélité e enfidelite anvè lwa yo (pinisyon)?
2-fidélité e enfidelite anvè yon sèl bondié (pinisyon)?
-------------------------------------------
kesyon sou pwen #1 an : pinisyon yon lwa ka bay chwal li pou enfidélité, mankman a sèvis, jou ki konsakré pou fe seks ak moun ou ak yon "entité" (lwa,espri, Ezili, etc.
Premieman, mwen ta renmen gen plis detay sou verite ki gen nan sa?
deziemman, si se vre, eske se pa yon atint a "la liberté individuelle que de devoir assumer malgré soi (des fois) les héritages d'un parent"
kesyon sou pwen #2 an : Relijion yon sel bondié yo (krisyanis, mizilman, e latrié) gen tou yon sôt de pinisyon (souvan etenel) pou moun ki pat gen chans konnen ou ki pat vle kwe ke se teljan bondié a yé.
e si tout zak te mache ak tout pinisyon li ou ak tout rekonpans li?
e si dié sa yo ou dié sa-a ta plis idantifié-l nan atitid e konvisyon nou sou sa ki bon e non sou konesans (livresque) nou?
Cyrano Krazerak ap tan-n répons souple, edel konprann.