Danny Toussaint
La reponse est a Kakakot et aussi a l'edification de tous les participants.
GEN AMPIL CHANS POU KE TA DANNY TOUSSAINT SE YON MILYONE` PASKE AVEK TOUT MADAM LI YO GEN PWOP BIZNIS YO AN HAITI, MEN MWEN POKO RIVE NAN KANE BANK LI POU'M VERIFIE. MWEN KONNEN KE MISYE GEN YON AJANS SEKIRITE NAN PETION-VILLE.
tANKOU OU DI LA RIME PIBLIK DI KE MISYE TA EMPLIKE NAN LANMO` JEAN-DOMINIQUE , MWEN LA JISTIS D'HAITI LI MEN KONNEN AMPIL LOT SISPEK. 1) TANKOU PROPRIETE KEK GRAN FAMASI NAN PEYI-A KI TIYE PRE DE 40 TIMOUN AK FO MEDIKAMAN SA SE YON KA KI DEVAN KEK TRIBINAL ENTENASYONAL, 2) TANKOU GRAN NEGOSYAN KI EMPLIKE NAN MASAK PEYIZAN JEAN-RABEL 3) TANKOU LOT GRO CHABRAK KI TAP FE ETANOL POU VAN AK TI MALERE KI PAT KA FE DIFERANS LAN ANT ETANOL E BON KLEREN.
EPI JIS KA KOUNYE-A DANNY RETE NAN FAZ YON SISPEK MEN PA KO GEN ANKEN EVIDENS KI MONTRE KE DANNY KOUPAB OSINON LI TA GEN YON PI GWO MOTIF POU TIYE JEAN-DOMINIQUE PASE TOUT LOT SISPEK SA YO MSOT SITE LA. SEL BAGAY MWEN KONEN DEPI SOU PREZIDAN ALEXANDRE PETION TOUT LOT SISPEK SA YO PI MILYONE KE DANNY EPITOU YO GEN POUVWA KE DANNY KOM YO TI NEG NWA KA PAJAM RIVE GENYEN NAN PEYI D'HAITI.
LE PROBLEM DANNY AK JEAN-DOMINIQUE TE KOMANSE DANNY TAL FE MANIFESTASYON PASIFIK DEVAN RADIO HAITI-INTER, TANKOU NEG KI POTE NOM MAKARON ANDAN PEYI D'HAITI NOU KONEN ZAFE MANIFESTATASYON PASIFIK LA PA TA YON OPSYON. MWEN PA KA NYE KE DANNY PA YON ENTELEKTYEL MEN MISYE PA SOT NAN YON PWEN POUL LAL FE MANIFESTASYON JODI EPI TIYE JEAN DEMEN TANKOU PAT GEN JE KI TE KLERE SOU LI.
ESKE'W PA PANSE GEN KEK FOS KI PROFITE TIYE JEAN-DOMINQUE POU MONTRE SE DANNY KI TE EXPRIME VWAL DEVAN RADIO DE LA ETAN LI KOUPAB?
TI PROBLEM JEAN-DOMINIQUE AK DANNY -AN PAT ENPORTAN ASSE POU TA KOZE LAN MO`. SE TE YON BAN TI AKIZASYON FRIVOL TANKOU DANNY SE YON VAGABON KI GEN AMPIL FAM- LI GEN AMBISYON POUL VIN PREZIDAN. MWEN VLE'W RETE KWE` KE DANNY GEN ENNMI KI DIL MIL FWA PI FAROUCH KE JEAN-DOMINIQUE KI TA GENTAN MOURI.
GEN GWO JOUNAL KI AP BAY MANTI DI KE RELASYON DANNY AK ARISTIDE AN DEZOD SE MANTI. SE YON SEMP JWET DE DIVZE POU REGNE. PASKE YO KONNEN SI GEN YON SEL NEG KI KAB TIYE ARISTIDE SOU SCENE POLITIK LA SAN GWO PROBLEM SE TA DANNY KI BAY AMPIL POV NAN PEYI-A MANJE TANKOU ARISTIDE.
PASHEW SE YON SEMP ZANMI LA VERITE KI RENMEN HAITI. LI PA YON ZANMI PESONEL DE ANKEN MOUNN NI LI PA TOUCHE POUL PALE SAK VERITE.
"LE`M PALE VERITE MWEN SANTI KE'M EKZISTE"
N.B KAKAKOK LE CAPITAINE PIERRE-LOUIS QUI AVAIT ETE ASSASSINE LORS DU COUP D'ETAT DE 91 ETAIT DE LA MEME PROMOTION QUE DANNY.MWEN GEN PLIS ENFOMASYON SOU NOM MOUN KI TE NAN MEMM PROMOSYON AK MISYE LE`L TE NAN LEOPARD. MEN MOUN SA YO PA TA RENMEN NON YO SITE NA ZAFE POLITIK.