Oh Rodlam que vous êtes malicieux....Sans mauvais jeu de mots.
W sot dim ke w tap fè radio ak fisel epouki w pat monte lise teknik la w men.?
Sa pale franse fèw Rodlam. Bon w fè yon ti degaje nan lang nan leu fini w ta vle lot yo se kreyol ase pou yo pale. Pou se TOUJOU w menm ak madigra w yo kap tradwui pou yo. W ta vle yo pale yon sèl ti kreyol la pou se toujou nou menm kap mete sa nou vle nan bèk yo. Se mechansté sa a mwen pa renmen avè nou, avèk kose analfabèt pa bèt....
Bon se vre tout gen de moun ki kon li men yo rete bèt vre, tank intèpretazyon de tout bagay bankal.
Mwen kon yon abitan Saint-Marc ki dim yo leu / "Tony, mwen tande tout sa wap dim la wi, men w men w pale twa lang, mwen menm se yon sèl mwen genyen... li pa kont"...;
Sa se yon analfabèt, men li bliye bèt.....
Lavalas tankou nou ap toujou jwen moun sot pou nou pete, pou eseye kompleks nou, men nou pap jan ka pete tout yon peyi.... La prèv......
Si pèp la te avè nou konsa a, se pas anba bal chimè nou ta bewen kembe l.
Rodlam leu te gen kanaval an ayiti an kisa w te kon degise w? Se w ki te kon fè Anjèl? Osnon Rafaèl.
Mwen byen renmen w Rodlam; sans oken malice mwen touve w gen la fwa.!!! Sèl moun ki leve anba Duvalye pè, gen la fwa konsa, lot yo se kreve tifi 8 an ak baro chèz, koupe tèt, ak jamb
kreve je, rache kè, imole moun, se nan sa yo pi fo. Men w, w ò nan eseye vire loloj kretyen latè. Rodlam li leu pou w ta komanse rekonsilye ak bon dieu tande.... Bon sa valab pou mwen tou, pase se menm laj nou genyen. Male....mwen voye yon ti bo pou w sans malice pase mwa de mars la pap jwen mwen isi.