"Rendez donc à César ce qui est à César et à Dieu ce qui est à Dieu" Mat 22, 21.
Dieu ne se mêle de la politique des hommes. Il n'a pas non plus envoyé la-chose.
Dieu ne nous a pas envoyé "ça" . Voyez vous-même.
==============================================
Lò Sonekselans Janbètran Aristid tounen kote l soti a, lò mèt bagay la a vin ranmase l fòk nou pa bliye kote l drive peyi a. Fòk nou sonje pou nou pa kontinue zèv krazebrize, detwi li enstore tankou yon rejim politik. Fòk nou pa chita ap denonse, yon lot menm jan yo te fè lè you rive a. Dechoukaj se pou moun ki pa vin regle anyen. Moun ki pa vin plante fò nan dechouke. Nou tout konstate sa.



Spektak la anba bab nou, nou gen prèv ke se pa t oken vodou ke l te mete ko relijyon nasyonal. Non zanmi se pa t okenn mezi istorik li t ap pran. Se bay li t ap fin bay peyi ya kòm gaj pou vye dyab li sevi yo kembe l la pi rèd. Lavalas se non yon vye lwa sanginè nan zòn soti Port-Salut rive Okay. Fanmi ansyen prezidan Lysius Salomon te refize sèvis li. Yo te pito bònen l. Swaditanpasan Salomon se youn nan pi bon prezidan nou te genyen. Li fè byen, li fè mal. Men fòk yon moun fè mal si w vle fè byen. Sa depann de ki jan ou plase w pou gad kesyon an. Tankou fòk w kase ze si w vle fè omlèt. Donk depi sou non bann nan w te ka wè yo pa t vin regle pyès anyen. "Lavalas", se li ak lòt bagay labim yo fè kado peyi a. Se yo y a pe bay bwè san aysyen pou yo kenbe yo o pouvwa. Depi okomansman. Depi yo t ap mete pwop bonm yo nan pwop miting yo pou di se makout. Menm makout yo t ap vante ke yo te fin fè disparèt nan peyi a.




Afè mèt soulye gòch nan dwat pou fè la mès, koupe kou kòk ak dan, anpi met san nan kalis losti a, afè monte bourik devan-deyé fè tou legliz dimanch ramo, pou pase Jezu nan betiz, bagay sa yo pa vodou, se dyableri. Gwo degre dyableri. Si w pito, se vodou ak men gòch pase tout relijyon gen men gòch ak men dwat.




An plen venteunyèm syèk pwogram milat kont nwa, boujwa kont pèp, Senmamten kont Petyonvil, dyaspora kont anndan, kreyòl kont franse, tout tenten yo t ap ba nou kenbe ya nou byen wè se zo y ap voye bay chen pou okipe l. Pou li pa wè ke OKEN dosye enpòtan pa ni soulve ni mwens regle. Yo pran pòz y ap okipe timoun restavèk, se pou fè yo sèvi zenglendo, po ogmante gwoup chakal k ap teworize populasyon an. Si yon moun ka montre m yon restavèk (admeton li te gen 8 an lè ameriken pote Aristide tounen), ki koulye a fin desann bakaloreya gras a pwogram Maltretans mwen ta byen kontan. Mwen sèten genyen dezoutwa. Sonson? Yo touye l pase li pa t dakò jan kat la te bat la. "Analfabèt pa bèt"? Gad jan yon moun mechan mezanmi. Mwen dako. Analfabèt pa ni chwal ni chat, ni chen, ni kolibrit, ni gèp. Men si se bèt nan sans pa ka li pa ka ekri, wi, analfabèt bèt e wòl yon gouvènman se travay pou sa sispann, pou redui analfabetis lan. Se pa chita fè jedemo fasil, tire krikkrak pou piblik ou ka griyen dan l.



Problèm yo poze an tèm mondyal koulye a. Ak kreyol la sèl, nou pa konpetitif. Fòk nou pale angle, franse, panyòl AK KREYÒL. Nou se yon ti peyi, fòk nou bliye pran kaka je pou linèt. Jan yo pase plizoumwen 16 an ap ba nou pote a.
Tout moun ki pou konnen, konnen mwen pa t divalyeris. Menm si se t ap tout dwa m si se te vre. Men se twouve ke m pa duvalyeris. Wout sa mwen wè peyi m sot pran la a fè m di Duvalier te pi bon. Kanta sou Janclod menm, sete yon ladouskivyen. Mwen konn yon moun ki pèdi papa l, monnonk li ak ti frè l nan prizon Fò Dimanch ki dako avè m. Fò Dimanch ou te antre, men ou te ka soti tou. Lamenm menm mwen pa wè ki jan pou nou soti ladan. Se peyi a an antye ki vin yon prizon pou yon ti pèp. Yon Goulag. Depi w pa vle rantre nan chimè osnon nan fòs lapolis yo pou kraze brize, vyole, piye, touye.



Cedras fè koudéta? Men nou bliye se 6 mwa bagay la te genyen o pouwa, e li te chita toujou ap vante bon sant pèlebren. Ke l ta renmen pran sant sa a chak jou nan peyi a. Se pa di yo di m. Mwen wè l sou k7. 6 mwa!! Ki lè w ap kòmanse gouvène la a menm? Pinga istoryen bliye se landemen Cedras fè koudeta? Ebyen mwen ta fè l tou mezanmi. Sou Duvalye, Ayisyen pa t met kretyen vivan parèy yo nan biskwit, pou y ap di "M pa t konn makout te bon konsa". Se dyab ki manje moun. Pa bliye Pa janm bliye. Plus jamais ça!!!
Bagay la sou kontra ak dyab la menm. Yo genyen pou misyon detwi. Lò w te pè, w konsakre losti, fòk ou desann fon anpil pou yo ka kwè. Fòk ou bay anpil gaj. Anpil anpil. Kondisyon ka ogmente chak jou, pri yo mande a tou. Tèt ap koupe nan peyi a. Ti bebe 3 mwa ap disparèt. Bagay la ak zafè l yo pa jis touye moun, yo dechikte w. Yo imole w.
Bondye li se nan konstwi li fò. Nan lavi li pi fò. Bondye pa konn ni suisid ni asasina.
Bagay la (ak zafè l yo) ranje kòl pou non Gran Mèt disparèt nan bouch moun nan peyi a. Pè koulye a se avili you chita ap avili yon nèg pandan la mès, detrese yon bo tèt li. Paske se lòd palè nasyonal pou li kouri avèk yon nèg pandan la mès.
Men genyen Mistè. Mistè se pa lwa. Lwa (vle di "lespri" tou) se bagay moun achte, bagay moun komande, bagay moun asèvi. Tout moun ki kanpe nan peyi dAyiti, tout moun ki pa janm van nanm yo bay fòs labim yo, tout moun ki pwòp toujou, tout moun ki nan dwa-chemen, tout moun k ap konstwi, fòk nou repete non Gran Mistè nou yo pou kontrebalanse bann vye lwa destruksyon yo. Fòk nou rele gran Mistè gèrye yo pou vin goumen ak nou, vin ba nou fòs, vin delivre nou. 3 mistè gèrye yo se Ogou Feray (Saint Georges) Ogou Badagri (Saint Jacques-Majeur) ak Ogou Balendjo. Mistè sa a se Brezil li chita li pa finn twò lwen.
Fòk nou rele Papa Dambala ak Ezuli Freda Wèdo. Freda se Vyej Imakule. Se pa de fò li fò. Jan nou wè ti figi l twèt-la, li travay anpil e li regle tout koze. TOUT BON KOZE. Li se Rèn Tè ak Syèl. Anpi se yon fanm ; m pa bezwen di nou plis. Smile.
Fok nou rele Saint Jean-Baptiste. Se yon general li ye, Jan Dantò, Ezuli Dantò. Tout moun sa ye se mistè RADA, BON JAN RADA. Yo pa nan ?in between? ak moun. Yo pa nan men gòch. Yo tout moun Lavalas (lwa ak pati) te met dewò nan peyi Ayiti, yo tout lwa Rada nou yo, kanpe deyè pòt la, y ap tann nou fè yo rantre. Pase moun Bondye sa yo pa pran moun pa fòs. Fòk nou vle yo, fòk nou invite yo, pou yo vini. Annouwè, nou dwe ti peyi a sa. Toi, moi, nous le devons bien à notre petit bout de terre.
OGOU FERAY !
OGOU BADAGRI !
OGOU BALENDJO !
SAINT JACQUES MAJEUR!
DAMBALA WEDO !
FREDA-AYIDA WEDO !
TI JAN DANTÒ !
ÈZULI DANTÒ !
N angaje bo isit la. Vin goumen ak nou. Vin pran peyi nou nan men bagay yo. Adonaï + Saday + Agla +
Mag MagPeriod