Mèkredi aprè midi yon animaté nan Radio Caraibes bay nouvel ke Black Alex malad li lopital sanatorium lamenm tout haiti mobilize tout kote w vire se yon sel pawol se pawol maladi Black la.
Haitiwebs-Haiti fè devwa l li al chèche wè kouman Black la ye men jou mèkredi a vè dizè nan aswè nou rive pou nou ka konfime nouvel la, pliske efektivman se vre li lopital la nou kase randevou pou demen pou nou wè Black la ki malad nan poumon Lè nou rive nou sezi wè moun ki gentan la, fanatik melanje ak sipotè pote sipo bay Black la se yon sel refren ou jwen sou bouch yo.
Lapolis melanje ak sekirite lopital la mobilize pou tout bagay pase nan lod ak disiplin nan yon anbyans fratènel fanatik yo vini ak radyo y'ap jwe mizik black konn chante y'ap di jan yo renmen Black yo di yo avè l nan bon tan tankou move tan menm nan sanatorium. Lè rivi pou Haitiwebs-Haiti ka antre al wè James Pierre Alex ki gen ti non jwèt li Black Alex responsab dako pou mwen antre san m pa deranje l nan fè l pale ni fè foto l kite l repoze selman li fè siy li di m li anfom.
Kijan m wè l?
Mwen wè msye gen yon gwo tous sou li, figi l rale li gen yon doktè li rele Jean Levelt li di nou :" Nou pa bezwen pè nou met tann rezilta test Black te fè".
Jou sa Fabrice ak ekip Mizik Mizik la, Haiti Twoubadou mobilize pou yo voyel nan yon lot lopital pou l l'al swiv, Fred Lizaire, mesye posse boyz ou byen king posse yo yo mobilize tou men m Bourara ak Raram gen pou yo fè yon pwogram pou yo ranmanse lajan pou ede Black la pou ba li yon pi bon ankadreman .
Msye te komanse swiv doktè nan
Grace Children Hospital delmas 31 avan zanmil ak fanmil te mennen l Sanatorium lopital ki spesyalizel nan maladi nan poumon.
Kontrèman a sa moun t'ap panse li pa poukont li lopital la ak fanmil, doktè l, zanmi, sipotè, fanatik ki ap bay sipo, moral, ekonomik,
Le chanteur a la voix polyvalente, vedette hors normes qui se fait très rares dans les spectacles et les boites de nuits pepuis plusieurs mois. L'une de ses dernières grandes sorties sur la scène haitienne devenue de plus en plus concurentielle, remonte à l'enregistrement de la meringue carnavalesque 2003 de Posse Boyz transfuge de King posse.
James Pierre Alex poko men m 30 tan men li fè anpil travay ak mizik peyi dayiti nan tout styl li chante yo rele l enfant terrible, le difficile a gérer li patisipe nan kat album ak king posse nan lot album tankou sweet micky,Ralp Papillon, mizik mizik, 509, haiti twoubadou, konpa kreyol nan tout bal kotel pase se siksè li fè depil chante sou yon chante se sa net, nan lari tout kote se li, li spot piblisite, ... li gen yon album k'ap mache ki fenk soti ki rele Black badou se rololoye, li konn chante, li konn anime li anime byen selman li konn fimen anpil, li bwè anpil li gaspiye kob li se sa yo kon repwoche l !!
Nan yonn nan chante li kon'n chante gen yon li te medite sou la vi lom nan fason pal li di :
La vi a long, li long,li long,li long ou pwale wap kite la sa fèm mal o!.......
Sa ta fè fanatik yo mal anpil sou yo t pèdi black kounyeya.
Tout Ekip Haitiwebs.com lan swete la swiv tretman yo epi pou l geri vit.
Maxime Daniel ETIENNE