Le jacmelien, se yon bèl lide pou ou fè yon diskisyon sou jestyon
club nou yo.
Gen anpil bagay ki pou fèt men fòk nou admèt jan pano di l'la anpil bagay ap fèt nan jou sa yo nan
club Ayisyen yo nan sans sa a.
Kounye a, fò nou konprann nan yon
club, sous finansman l'sipoze se sponsor yo. Sa vle di chak
club ta dwe gen youn osnon 2 biznis ki ap envesti nan
club la (peye yon kòb fiks chak mwa) epi an echanj,
club la ap bay yo viziblite. Sa vle di
club sipoze fè kob egzakteman menm jan ak medya yo. Kidonk, kestyon an se : poukisa biznis nou yo konn envesti nan medya yo men yo pa envesti nan
club yo? Repons lan senp, medya bay yo plis vizibilite pase
club chanpyona nasyonal yo. Se sou sa pou moun travay : ogmante vizibilite
club yo, sa ki vle di chèche mwayen pou atire plis moun nan stad yo, fè plis moun enterese nan sa k'ap pase nan chanpyona a.
Kounye a,
club nou yo nan kontra ekslizif ak Digicel, kidonk rete nou 3 lane pou prepare teren an, ogmante vizibilite
club yo pou lè kontra sa a fini, se antrepriz yo k'ap kouri mande
club si yo ka finanse yo. Kidonk, travay FHF la ap fè depi kèk tan pou ogmante vizibilite
club yo (tankou renovasyon stad yo pou plis moun vin gade match yo, fè reklam nan radyo ak nan tele pou anonse match yo, bay kèk match chanpyona nasyonal la nan televizyon jan m'konn wè TNH ak p-e kèk lòt konn fè l', pale nan medya yo de chanpyona Ayisyen an jan m'wè 3/4 radyo ak jounal ap fè l', òganize diskisyon sou chanpyona ayisyen an nan forum nou yo tankou Haitiwebs ap fè l'la etc...), travay sa a fòk li kontinye.
Epi apre premye divizyon pou nou atake nou nan dezyèm divisyon ak twazyèm divizyon (la a m'kwè rete anpil anpil travay ki pou fèt).
Epi bon bouuuuuuuuuuuuuuuuuuuuulllllllllllllllllllllllllll lllllll