Tande Ribert:
Ankenn minis espo paka fè anyen pou FHF. Lè lajan an vini na bidjè a li tou separe. De tout fason menm si minis lan ta vle bay FHF tout kob ki nan bidjè a pwoblèm FHF pap rezoud paske tikob la piti anpil.
Foutbol se yon biznis, fok FHF avèk LHF travay avèk moun ki konn biznis lan (sa vle di pwofesionèl) pou l vin rantab. Aprann tou ke minis lan pa minis foutbol men minis espo; wol li se pa tounen avoka pou foutbol men fè espo a mache nan peyi a. Men nèg yo toujou kache dèyè foutbol la lè li fè rezilta pou fè kapital politik yo, kom kwa depi ayiti ap bat moun nan foutbol sa vle di espo ap byen mache nan peyi a
Ala tande moun gen pou tande nan peyi sa a, papa