Minis Enteryè ak kolektivite Teritoryal la Jocelerme Privert anonse yon seri mezi pou ranfòse fonksyonnman sèvis imigrasyon epi kontwole fwontyè Ayisyano/Dominikèn 02-21-2003, -- Eric solon Ulysse



Malgre efò leta ayisyen, sèvis imigrasyon pèdi tout kontwòl sou fason moun ap rantre sòti anndan peyi a akoz yon rezo k'ap fè trafik so imigrasyon yo pou livre paspò bay yon seri sitwayen etranje, pawòl minis enteryè ak kolektivite teritoryal Jocelerme Privert nan okazyon yon rankont li te genyen ak la près nan primati a, minis Privert te mete anpil aksan pandan rankont sa a sou seri mezi otorite yo adopte pou ranfòse fonksyonnman sèvis imigrasyon epi kontwole fwontyè peyi a ak repiblik Dominikèn, espesyalman zòn Pernale Wanament kote nèg ak zam pa sispan'n entimide popilasyon an, minis enteryè ak kolektivite teritoryal la di pouvwa santral la pral fè tout sak posib pou pèmèt imigrasyon fonksyone kòm sa dwa, minis lan anonse tou leta konte renegosye kontra li te siyen ak fim fransèz ki pote non FCOF pou te kontwole rantre ak sòti etranje ann Ayiti