14 me, 2004
Nòt pou laprès
Gaye prese prese !
Souple, siyen petisyon sa a ki mande pou leta peyi Lafrans remèt lajan li te pran nan men Ayiti ak fòs zam, apati ane 1825 lan :
http://www.ipetitions.com/campaigns/...isyonpouayiti/
Haitian Lawyers Leadership, yon rezo militan k ap travay pou pwoteje dwa sitwayen ak dwa kiltirèl Ayisyen, deklare se dwa lejitim pèp Ayisyen an pou li egzije peyi Lafrans remèt li ekivalan 22 milya dola vèt yo te vòlò nan men li ak fòs zenglendo, apre endepandans peyi a. HLL fè konnen tou, mouche Gérard Latortue pa gen pyès otorite legal, alevwa moral, pou li ta fè kwa bare demann restitisyon sa a.
Li pa gen otorite pou sa!
Li klè, onivo legal, deklarasyon mouche Gerard Latortue an pa kanpe sou anyen. Ata yon veritab premyeminis, alevwa pou yon defakto tankou Latourtue, pa ta p janm gen otorite legal pou li defèt aksyon yon Chèfdeta.
Laviwonndede:
Pandan , yon kote nou remake Gerard Latortue ki al paweze nan peyi Lafrans epi yon lòt bò, nou konnen gen yon Minis Afè Etranjè peyi Lafrans ki ap ranje kòl pou li vin poze pye li sou tè Dessalines nan jou samdi 15 me 2004 lan ? yon zak ki ta va rive pou premye fwa depi 200 zan, lè nèg ak nègès d Ayiti te kase chenn lesklavaj rasyal sou kontinan Amerik lan; HLL repete ankò, se dwa lejitim pèp Ayisyen an pou li egzije peyi Lafrans remèt li 22 milya dola vèt blan Franse te vòlò nan men li ak fòs zenglendo, apre endepandans peyi a. HLL pran dispozisyon pou li gaye deklarasyon saa toupatou:
AYITI PAP KITE VÒLÒ PRAN WOULIB NAN KARAPAS !
Se, 7 avril 2003, yon jou memorab ki make bisantnè lanmò Toussaint Louverture, Prezidan Jean Bertrand Aristide te fè deklarasyon ofisyèl pou tanmen kanpay Restisyon-Reparasyon an. Deklarasyon sa a te fèt devan lanasyon, kidonk nan prezans desandan zansèt nou yo, epi douvan pòt Mize Zansèt yo nan MUPANAH (Musée du Panthéon National Haïtien) kote lespri imòtèl ras Afriken an ap dodomeya nan yon anbyans respè ak diyite. Sila ki la yo te fè yon sèl ak sila ki pa la ankò yo pou yo pwojte limyè lavni ki makonnen egzistans yo youn ak lòt.


"RESTITISYON - REPARASYON" ? De mo ekstraòdinè ki gen pouvwa panse maleng kolonizasyon ak lesklavaj. Tout pitit sila yo ki te viv mati tan lakoloni, men ki pa tounen zonbi san memwa, tout pitit kolon ki kite lespri liberasyon danse nan tèt yo, yo tout te bat bravo lakontantman pou rèl lajistis sila a: RESTITISYON ? REPARASYON ! Kit se peyi Karayib yo, kit se peyi Ameriklatin yo, tout kontinan Lafrik lan, menm kèk peyi sou kontinan Lewòp, yo tout te rive rekonèt lejitimite demach sila a.
Lè nou konsidere jan biwo avoka te gen tan ap travay sou dosye sa a, jan pati ki konsène yo te koumanse analize dokiman yo, nou ta dwe espantan pou nou tande mouche Gérard Latortue ki deklare kareman dosye restitisyon an kaba. Ala yon deklarasyon degrenndwat !
Onivo politik, mouche Latortue pa gen konpetans pou li pran yon desisyon konsa. Èske li bliye, se yon prezidan ki te monte opouvwa nan eleksyon demokratik, kidonk reprezantan lejitim pèp Ayisyen an, pwotektè dwa granmoun nasyon an, ki te pran desizyon sa a?
Onivo entènasyonal, se leta yo ki enplike nan yon dosye konsa. Kidonk, pa gen mwayen pou yon premyeminis ta rive defèt desizyon yon Chèfdeta. Epi ki premyeminis atò?!
Konstitisyon 1987 lan klè. Nan atik 138 lan, li deklare ?youn nan wòl prezidan Repiblik la se fè yon jan pou pèp Ayisyen toujou mèt lakay li, e pou li pa janm pèdi pi piti moso nan tè peyi d Ayiti?. Ala tristès pou yon nonm ki di se Ayisyen li ye kapab adopte yon atitid manfouben konsa douvan yon dosye nasyonal total kapital tankou kòz restitisyon an.
Mouche Gerard fè atansyon tande, tòti a gen kat pat, men li pa ka mache nan 4 chimen alafwa. Epi tou, detanzantan, ou ta dwe depase limit karapas lan, mete tèt ou deyò pou ou ka wè klè.
Frantz Fanon te ekri ?Peau noire, masques blancs?. Men, lè yon moun gade byen, fòk li ta remake nan biwo primati peyi d Ayiti, tòti an makwali kit se nan po l, kit se nan karapas yo mete sou do li pou li trennen an.
Haitian Lawyers Leadership
Pou plis enfòmasyon:
Kontakte Kowòdonatè kanpay 7 lan
imèl:
Jafrikayiti@hotmail.com
Website:
http://www.margueritelaurent.com/cam...campaigns.html